27 octobre 2026
Ayiti Koupe Fache : Kwonik #1
Actualités Société

Ayiti Koupe Fache : Kwonik #1

Ayiti Koupe Fache se yon kwonik ki pote solidarite ak lit ouvriye, lit travayè ak lit peyizan. Jodi a se premye parèt Ayiti Koupe Fache.

Raoul Gérard

Dimanche 6 février 2022 ((rezonodwes.com))– N ap pote solidarite ak lit tout moun k ap sibi lenjistis, esplwatasyon ak represyon lan men dirijan Leta yo ak ti minorite zotobre ki ap fè dappiyan sou tout richès peyi a. Kategori moun sa yo, lelit sa yo, yo rele yo klas dominan.

Ou jwenn yo lan tèt Leta a, kote yap volè, yap piye, yap gagote. Ou jwenn yo tou lan sosyete sivil la, kote se yo menm ki gen gwo faktori, gwo magazen, gwo antrepriz, bank yo, osnon se gwo pwopriyetè teryen.

Kategori moun klas dominan sa yo ap sèlman defann enterè pa yo. Yo kont tout revandikasyon mas pèp la. Yo kont ogmantasyon salè minimòm lan, yo kont mete bon jan kondisyon travay, yo kont pou gen yon Leta ki lan enterè mas pèp la, yo kont pou mas pèp la pran kontwòl desizyon politik peyi a, yo kont pou bon jan òganizasyon pran pye anndan travay yo, tankou sendika ak òganizasyon peyizan. Yo kont tout bagay ki te ka pote yon ale mye pou mas pèp la.

Poukisa yon kont tou sa?  Se paske tout bagay sa yo pa nan enterè yo. Enterè yo se fè plis kòb chak jou sou do nou menm travayè, se jwenn mwayen pou volè plis toujou anndan Leta. Se pwofite pi plis nan tout trafik dwòg, zam ak kontrebann.Devan enterè yo, klas dominan yo pa nan lamoral, e yo san pitye. Oudimwens, lamoral pou klas dominan reyaksyonè sa yo se men lib pou yo esplwate travayè san limit. Moral ak etik pou klas dominan reyaksyonè yo se Plimen poul la, Pa kite l rele!

Chak fwa, pèp la ap revandike pou bonjan salè, pou mete bon sèvis piblik, kankou bonjan lekòl piblik gratis, bonjan lopital, bonjan lojman; klas dominan lan sèktè Leta a reponn ak gwo vyolans ak laterè, kout baton, kout gaz lakrimojèn, arestasyon abitrè,  detansyon prevantiv pwolonje, ak masak. Lan katye popilè yo, si se pa lapolis kap tire sou nou, se gang ame asasen, kriminèl ki mare sosis ak leta pouri a, politisyen vye-rat-do-kale, klas dominan yo ak peyi enperyalis yo.

Jounen jodi a, gangstè ak tout kalite vagabon kontwole lari a kote yo fè federasyon gang yo. Yo fè lalwa lan katye popilè yo, yo teworize malere, yo fè kadejak, yo fè kidnapin, yo volè nan epinite total. Se nou menm malere, travayè, travayèz ki sibi tou sa. Se poutèt tout pwoblèm sa yo, pou nou menm, se pou mas popilè yo òganize tèt yo 2-pye fèm an granmoun san pran souf.

Fòk nou konprann, menm jan granmanjè yo se yon seri klas moun kap vòlè, kap espwate nou, nou menm tou, nou se yon seri klas moun ansanm nan kan pèp la ki dwe regwoupe tèt nou ansanm pou defann enterè nou yo tou. Gen 2 kan. Gen kan moun k ap pwofite sou do travayè yo. Se konsa, sou yon bò, gen grandon, boujwa ak granmanjè yo kap fè bè yo nan eksplwate nou. Epi sou yon lòt bò, gen kan moun kap travay anba dominasyon klas eksplwatè yo. Kan sa a, se nou menm, se kan mas pèp la.Nou se klas travayè yo nan kan mas popilè yo, ouvriye, peyizan djobè, ti machann, ti anplwaye…

Nou gen enterè pa nou pou nou defann. Enterè nou ak enterè gwo zotobre se lèt ak sitwon, yo pa mele ansanm, youn kont lòt. Nou se klas moun ki pi plis lan peyi a. Nou se klas moun k ap pote peyi a sou do nou. Kidonk enterè pa nou, se vre enterè peyi a li ye, se enterè nasyon an. Reflechi sou sa byen!Enterè pa nou se retire peyi a anba malfini, klas dominan yo k ap depafini ak peyi a, kap vann peyi a. Enterè pa nou se konstwi yon peyi kote tout moun se moun, kote richès nasyon pral sèvi tout moun.

Enterè pa nou se denonse tout moun k ap volè lan leta, konbat tout vye kandida tchoul, k ap sèvi enterè peyi etranje, ak klas boujwa ak grandon k ap ekspwate travayè nan vil yo ak andeyò.

Enterè pa nou, se pran konsyans ke boujwazi ak Leta a la pou yo toupizi nou san pran souf. Ke ni boujwazi a ni Leta a, menm lò y ap joure ant yo, y ap defann menm enterè, enterè pòch yo. Se 2 chen ka p goumen deyè menm zo a.  Yo tout dèyè menm pòs, dèyè menm fotèy boure a, osèvis Core Group.

Enterè pa nou, se lan bonjan òganizasyon endepandan li ye. Òganizasyon sendikal endepandan, òganizasyon popilè endepandan, òganizasyon etidyan endepandan, òganizasyon katye endepandan, òganizasyon peyizan endepandan, òganizasyon otodefans endepandan, elatriye. 

Enterè pa nou, se rive konte sou pwòp tèt nou, gonfle fòs nou. Se rive devlope otonomi nou, endepandans nou nan Kan Pèp la. Ki vle di reflechi pou tèt nou, pwomouvwa lide pa nou k ap defann enterè pa nou, nan lit n ap mennen yo.Enterè pa nou, finalman, se rive dechouke leta kowonpi sa a epi konstwi yon leta demokratik popilè ki osèvis enterè fondamantal mas popilè yo.

Nou menm, lan Ayiti Koupe Fache, nou la pou nou pote kole nan lit sa a ki mete vre enterè mas popilè yo kòm labanyè mouvman popilè a. Se sèl lit ki kapab transfòme peyi a tout bon vre.

Jounen jodiya, batay mas popilè yo nan yon kafou danjere. Sou yon bò, gen wout degrenngole nan pant yon nasyon k ap pèdi souvrènte li. Degrenngolad ka pran 2 fòm. Li ka pran fòm yon leta trafikan dwòg, kontrebandye, kadejakè, ki sou lobedyans pisans enpeyalis etranje, ak Core Group, OEA ak LONI an tèt.

Degrenngolad la kap pran yon dezyèm fòm ki se titèl enpeyalis lan ki jounen jodiya ap kamoufle tèt li anba degizman « yon nouvo Ayiti tout moun met tèt ansanm ». Objektif tranzisyon yap pale jounen jodi a se kreye kondisyon pou aplikasyon kè pòpòz plan enpeyalis lan pou met men sou richès sousòl peyi a, devlopman agwoendistri pou lespòtasyon, gaye zòn franch ak faktori salè pwatrinè, epi fè bèl plaj pou touris.

Tout se pou anrichisman gwo boujwa ak patwon enpeyalis yo, pandan yap remete kanpe yon leta kraze zo. Pa gen solisyon tout ayisyen met tèt ansanm ki nan enterè mas popilè yo. Nou denonse tout plan ki mande pou tout ayisyen met tèt ansanm.

Se MANTI! Gen 2 kan ki pa gen enterè ki kole ansanm. Enterè kan klas reyaksyonè yo ak enterè kan pèp la se lèt ak sitwon. Tètansanm malfini ak ti zwezo se anndan vant malfini an li konkli.  Men gen yon dezyèm wout nan kafou sa a. Se wout koupe fache tout bon vre a. Se wout gonfle fòs nou nan kan pèp lan pou defann enterè nou tout bon vre. Se wout pou yon soulèvman popilè ak travayè kòm potomitan ki ka kanpe an kwa devan pwojè vann peyi sa yo.

Ansanm ak mas travayè yo ann Ayiti n ap di : Viv yon Ayiti libere!

Ayiti Koupe Fache, Janvye 2022 

Raoul Gérard Kawonabo

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.