25 septembre 2025
S.O.S. – Kwadèboukè | 3 fevriye 2022 : FJKL revele ke se sèlman 2 ajan k ap veye 1030 prizonye
Actualités Kreyòl Société

S.O.S. – Kwadèboukè | 3 fevriye 2022 : FJKL revele ke se sèlman 2 ajan k ap veye 1030 prizonye

Kominike

Vandredi 4 fevriye 2022 ((rezonodwes.com))–

SOS POU PRIZON KWADÈBOUKÈ !

Fondasyon Je Klere (FJKL) deside lanse yon SOS nan zòrèy otorite Leta yo parapò ak divès apèl dezolasyon prizonye ki fèmen nan Prizon Sivil Kwadèboukè bay sou sa y ap sibi.

  1. Absans ajan nan prizon an

Pi fò ajan Direksyon Administrasyon Penitansyé (DAP) ki afekte nan prizon an pa al nan pòs yo.

Konsekans

  1. Se prizonye k ap jere prizonye ;
  2. Lò fanmi pote manje pou prizonye pa gen ajan ki pou resevwa manje, konsa manje a retounen. Prizonye ap soufri grangou ;
  3. Lò reskonsab yo resi fè jefò pou manje a rantre nan espas prizon an, pa gen moun ki pou pote l nan diferan kontinan yo, kidonk gwoup selil yo, sa ki konn fè manje yo gate, yo pa rive jwenn mèt yo.
  4. Se prizonye k ap jere kuizin prizon an, yo vann plat manje yo 200 goud ak prizonye parèy yo (lè yo deside al fè manje) ;
  5. Prizonye yo pa gen dlo pou yo bwè alewè pou yo lave kò yo ;
  6. Galon dlo trete ap vann ant 375 a 500 goud.
  • Movèz eta selil yo

1-Selil yo pa louvri, sa ki lakoz kin nan oswa bokit pou yo demele pwoblèm yo a konn pase yon semenn, lè konsa li plen jouk li ranvèse. Movèz odè gaye e yo konn kale bèt anndan selil la. Kidonk, se tout jounen kou nan nwit prizonye yo ap respire move lodè ;

2-Mete sou sa prizonye yo pa benyenyo pa pran solèy.

  • Swen sante ,
  • Prizonye ki malad pa jwenn medikaman paske enfimri prizon an pa fonksyone;
  • Pa gen vizit fanmi prizonye nan prizon an. Kidonk, si w soufri tansyon, sik ak lòt maladi ki mande medikaman chak jou, ou mele! fanmi pa ka pote w sekou;
  • Pou kounye la a, prizon an kontamine ak fenomèn ti grip, ti fyèv la.
  • Efektif prizon an

Jou 3 fevriye 2022 a, gen 1030 prizonye ki fèmen nan prizon Kwadèboukè, pami yo, gen 324 ki  kondane. Kidonk, sou 1030 lan, gen 700  ki an detansyon prevantiv pwolonje (DPP).

  • Siveyans prizon an

Teyorikman, gen 109 ajan (DAP) ki afekte nan prizon Kwadèboukè. Ann fè yon ti bak rive 3 mwa anvan sa, ki vle di 3 novanm 2021. Jou DAP te al fè pewòl 3 novanm sa a, gen 94 ajan sou 109 ajan ki te reponn prezan.

3 fevriye 2022, pa mande konbyen ajan ki nan espas la. Apa 2 ajan ki sou  tèt  Miradò yo. Sa vle di, ou gen 1030 prizonye ki kadnase e ki livre a yo menm.

Se pa jodiya prizonye sa yo ap moute yon kalvè pa do men pandan 3 dènye semenn sa yo, temwayaj nou ranmase montre bagay yo dejenere nèt.

Nan sans sa, FJKL ap lanse yon SOS bay otorite konsène yo.

N ap mande Enspeksyon Jeneral lapolis la pou li :

  1. Pran reskonsablite l pou li mennen bon jan ankèt pou li konnen pou ki ajan sa yo bandonen pòs yo epi pran sanksyon kont yo ;
  2. Idantifye kantite ajan ki kouri kite peyi a e ki kontinye ap resevwa chèk yo ak konplisite gwo bwa anndan lapolis la. Sanksyone epi voye douvan lajistis moun ki responsab zak koripsyon sa yo anndan lapolis. Ki jan pou polisye ki bandonnen pòs e ki nan peyi etranje fè kontinye ap touche pandan 2-3 zan mezanmi ?;
  3. Pou li veye sou aplikasyon Règleman Disiplin Jeneral Lapolis la, Règleman Entèn Administrasyon Penitansye a (RIEP) ak Règ Nelson Mandela yo nan prizon nou yo ;

N ap mande Direksyon Administrasyon Prizon yo (DAP) :

  • Pou li mete yon ekip kanpe pou kontwole kòb frè ,gaz ak manje ki livre nan prizon an paske gen anpil pawòl k ap pale sou move jesyon nan prizon an.

Pou fini, n ap mande Direksyon PNH la pou li pran bon jan dispozisyon   pou li garanti sekirite tout sila yo ki afekte nan prizon Kwadèboukè a, mete yo an kondisyon pou yo al onore angajman yo.

Pòtoprens, jou 3 fevriye 2022

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.