Dosye Mèt Dorval : Jij enstriksyon Loubens Elysée reponn kritik Batonye Lòd avoka Pòtoprens la Marie Suzy Legros

0
2872

Lèt Jij enstriksyon Loubens Elysée pou reponn kritik Batonye Lòd avoka Pòtoprens la sou dosye asasina Mèt Monferrier Dorval

Madi premye fevriye 2022 ((rezonodwes.com))–

PALÈ JISTIS PÒTOPRENS

Lendi, 31 janvye 2022

Kabinè enstriksyon Mesye Elysée
Tribinal premye degre
Bisantnè
Pòtoprens

Madàm Marie Suzy LEGROS
Batonye lòd avoka Pòtoprens yo
Ri Vilmeney
Pòtoprens
Nan biwo l yo.-

Objè : Limyè sou dosye asasinay Mèt Dorval la

Chè Mèt,

Mwen li sou rezo sosyo yo Bawo w ap dirije a te rankontre ak Dwayen epi Komisè gouvènman Palè Jistis Pòtoprens lan pou kritike konpòtman dezenterese m sou dosye asasinay Batonye Monferrier Dorval la. Mwen se yon pwofesyonèl m pa ka dezenterese a aktivite pwofesyonèl mwen. Sof ke m gen dwa pou m egzije kondisyon ak mwayen pou m fè travay mwen kòrèkteman. Sitou nan dosye sa a gen yon premye jij ki demisyone pou menas li t ap resevwa.

Pou m enfòme w oubyen raple w, depi jou 5 oktòb 2021 Dwayen an diziye m kòm jij ki dwe enstwi dosye a m pa janm wè dosye a, ni grefye m pa janm resevwa dosye a. Se nan kòfrefò grèf jeneral la dosye a te fèmen. Nan dat mèkredi 27 oktòb 2021, mwen ale nan Palè jistis pou m mande grefye an chèf la al depoze dosye a nan yon kav nan Bank Santral pou plis sekirite. Li te pwomèt mwen sa. Malerezman, jou ki te 2 novanm 2021 an yo kase tribinal la pote ale kòfrefò a ak tout dosye k nan li e se ladan l tou dosye asasinay Mèt Dorval la te ye.

Se jis pou m di w dosye a pa nan kabinè m e l pat janm nan kabinè m. Dwayen an an kontak ak DCPJ pou yo refè dosye a selon sa l toujou di m e konfime devan Konsèy la. Donk se pa mwen k pa travay sou dosye, se dosye m pa genyen.

An plis de sa, an novanm 2021 mwen ekri Kòmandan an chèf Lapolis la pou m mande l afekte polisye pou sekirite m ak kabinè a. Jiskaprezan m pa jwenn ni repons lapolis ni ankenn polisye pa rele m pou di m yo jwenn otorizasyon pou detache ak mwen.

Mwen ak Dwayen an rankontre Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a jou ki te jedi 13 janvye 2022, pou m mande delokalize biwo mwen an paske anviwònman tribinal la pap fasilite ankèt la. Pa gen sekirite ase nan zòn lan. M panse se menm rezon sa a tou ki fè w pran desizyon leve Bawo a Bisantnè pote l Tijo nan ri Vilmeney si m pa twonpe m. Konsèy la pwomèt pou l reponn demand mwen yo nan yon tan ki pa twò lwen.

Si tout demach sa yo vle montre jan m gen dezenterè pou pwòp aktivite pwofesyonèl mwen, m dezole e m pa garanti pèsonn ke m ap dekouraje kontinye fè sa.

Se tout dwa w kòm Batonye pou w egzije ankèt la avanse, men pa lage chay la sou kont yon pwofesyonèl ki responsab e ki respekte tèt li nan tout sikonstans. Dayè nan deklarasyon Bawo a mwen relve yon kontradiksyon, non sèlman li mande pou yo rekonstitye dosye a men l mande tou deziye yon lòt jij paske m pa enterese a ankèt la. Deziye lòt jij pa fè m ni cho ni frèt, paske m pa nan lajistis ni pou m fè lajan, ni pou relasyon, ni pou m resevwa lwanj nan men pèsonn. M fè djòb mwen ak ekite, entegrite e onètete m fini. Si Bawo a o kouran dosye a pa nan men m, sou ki sa l vle m poze ak? Donk m pral mache mande moun ki moun pou m rele nan kabinè a pou m tande? Oubyen ki moun pou m arete ? Kote òdonans deziyasyon an ki ban m kouvèti pou m poze ak ankèt la an tout otorite? Anverite se gwo traka pou w lave kay tè.

M te jis vle souliye pwen sa yo pou Bawo a, m swete l konprann pou l ka pi byen fè kritik ak vrè revandikasyon li yo. Li lè li tan pou sosyete nou an aprann e aksepte ke laverite pa janm abiye, li alèji ak kèlkeswa mak rad la, kenpòt renome konfeksyonè a.

Batonye, m swete w pa pran korespondans mwen an kòm yon rapò m fè w sou aktivite  pwofesyonèl mwen, men kòm yon pretèks pou m bloke kanpay majinalizasyon a outrans sa a sou pèsonalite m ki pa janm nan ankenn ekip nan sistèm jidisyè a.

Chè Mèt, m salye w nan non Patri nou renmen anpil la ak nan non yon lajistis san fòlklò, san demagoji ke nou tout ayisyen swete yon jou nan peyi a e ke lè sa a chak moun ap konn limit yo nan respè youn pou lòt.

Loubens ELYSEE
Jij enstriksyon

Kopi lèt sa a al jwenn :

  • Dwayen Tribinal premye degre Pòtoprens
  • Komisè gouvènman Pakè Tribinal premye degre Pòtoprens
  • Konsèy siperyè pouvwa jidisyè

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.