Dr Julio Warner Loiseau & Abaky Robert :  »Men sèl fason pou Ayisyen rezoud kriz Ayiti a »

0
1941

Dokiman sa a se Pwopozisyon pou rezoud kriz kap boulvèse sosyete Ayisyèn nan.

Samdi 29 janvye 2022 ((rezonodwes.com))–

Lè nou konsidere kantite akò tankou: Akò Marriott, akò Montana, akò PEN, akò
Louisiane, elatriye, bann politisyen nou yo ap vann nan radyo ak televiziyon, Pati Yon Lòt Chimen an wè li nesesè poul pran yon pozisyon fèm poul fè yon pwopozisyon kote tout moun ap gen plas yo.

Lè nou konsidere dirijan ki la yo pa gen anyen pou yo wè ak konstitisyon 29 mas 1987 la. Lè nou konsidere pat gen pwovizyon konstitisyonèl ki te prevwa sitiyasyon nap viv jodi a, Pati NP vle raple nou; nou dwe reflechi yon lòt fason. Pati NP ap raple nou nan politik, opinyon kontrè yo pa dwe anpeche nou travay ansanm pou yon sèl objektif ki se sove Ayiti ak sove lonè nou. Nou fè entènasyonal la pa respekte nou twòp, nan goumen youn ak lòt tout jounen.

Mesye dam politisyen yo pwiske nap viv yon sitiyasyon politik espesyal nou pa dwe ap chache mwayen poul vin pi grav toujou. Kou nou wè nou pa jwenn sa nou bezwen nou pale de konstitisyon an.

Kou sa mache byen pou nou, nou bliye tout sa nou te konn di yo.
Nou bezwen yon antant kote tout kouch nan sosyete a ap reprezante. Afè se nèg Pòtoprens ki dwe deside tout sa ki ap fèt nan peyi a dwe sispann. Li lè li tan pou nou entegre tout dis (10) depatman peyi a ak dyaspora nan desizyon kap pran yo. Tout nèg ki ap pale de akò yo gen ti gwoup pa yo; yo vle bay pouvwa pou yo ka toujou gen kontwòl tèt leta a epi pou yo ka fè elòj nan radyo aktelevizyon pou yo di konbyen gòl yo bay pèp la. Li lè li tan pou nou sonje Ayiti se peyi nou li ye.

Direktwa « Parti Nouvelle Perspective » pwopoze yon solisyon mirak kote tout moun ki
nan dis (10) depatman yo ap chita pou rezoud kriz la nan yon delè ki pa depase douz (12) mwa.

Nèg ki bezwen Prezidan, Senatè, Depite, Delege, Majistra, Kazèk, Azèk dwe al kòmanse fè kanpay yo. Se pa yo ki dwe responsab pou mete dirijan. Ayiti pa yon pitimi san gadò.
Pati a pwopoze pou nou fòme yon konsèy gouvènman ki gen onz (11) manm la
danl, sa vle di yon (1) manm pou chak depatman ak yon (1) manm ki dwe soti nan
Dyaspora a.

Moun ki dwe chwazi yo pa dwe responsab oubyen dirijan okenn pati politik.
Yo pa dwe ap travay nan leta. Yo pa dwe militan politik. Se moun ki pat janm gen
pwoblèm ak la jistis. Fòk moun nan se yon pwofesyonèl kalifye ki peye enpo.

Kòman chwa moun sa yo dwe fèt?

Kòm pou moman an se sèl Dr. Ariel Henry ki la nan tèt leta a, nou oblije mande poul pase
lòd ak OMRH (Office de Management des Ressources Humaines) ki se enstitisyon ki responsab resous imèn nan peyi a pou yo fòme de (2) komite ki gen twa (3) moun. Kou Siperyè Dè Kont ak Biwo Pwoteksyon Sitwayen dwe chwazi yon manm yo chak pou voye nan komite sa yo. Sa ki ap fè komite sa yo ap gen senk (5) manm. Chak komite ap responsab pou yo al fè rekritman espesyal la nan senk (5) depatman. Atibonit, Nò, Nòdès, Nòdwès, ak Plato Santral pou yon komite. Lwès, Nip, Sid, Sidès, ak Grandans pou lòt komite a. Ministè afè etranje ak Ministè Ayisyen ki ap viv an deyò peyi a dwe fòme yon lòt komite pou moun sa yo ka chwazi reprezantan pa yo a.

Lè komite sa yo rive nan depatman yo, yo pral rankontre ak notab yo, tankou: òganizasyon lokal yo, lidè relijye yo, asosiyasyon peyizan, asosiyasyon fanm elatrye, ansanm pou moun sa yo pwopoze twa (3) moun yo konsidere ki gen kapasite pou vin fè pati konsèy gouvènman an.

Fòk komite yo eksplike moun yap chwazi yo klèman yo pap Prezidan ni Premye Minis, ni
Minis. Yo chak ap gen yon vwa nan konsèy la youn pap gen plis pouvwa ke yon lòt. Se volontè manm konsèy la ap ye, sa vle di yo pap gen yon salè yo pral touche. Se sèvis yo pral rann sosyete a pou yo ka sove peyi a. Sèl sa yo pral genyen se frè ak ankadreman lojistik pou yo ka fè travay yo byen. Chak lis twa (3) moun sa yo dwe gen fi ladan yo. Nan lis twa (3) moun sa yo se yon sèl ki ap kenbe pou chak depatman nan konsèy gouvènman an.

Lè komite a gen lis twa (3) moun nan chak depatman sa yo, li ap vini Pòtoprens ak non yo. Li ap soumèt lis konfidansyèl sa yo bay responsab OMRH la ki pral mennen yon ankèt rapid sou kredibilite moun ki nan lis sa yo pou konnen si yo pat gen pwoblèm ak leta. Pwosesis pou kreye komite yo, rekrite manm konsèy sa yo ak mennen ankèt sou moun ki chwazi yo dwe dire dis (10) jou.

Ki manda Konsèy Gouvènman sa a ap genyen?

Konsèy gouvènman endepandan sa a gen manda pou:
1.Kreye yon konsèy elektoral pwovizwa, li ap itilize lòt moun kite nan lis kite soumèt bay OMRH la pou chwazi onz (11) manm pou konsèy elektoral la. Sèl diferans sè ke moun ki nan konsèy elektoral la ap gen salè nòmal yo.
2.Kreye yon konsèy konsiltatif pou òganize yon referandòm pou yon nouvèl konstitisyon nan si (6) mwa. Nan si (6) mwa peyi a dwe gen yon nouvèl konstitisyon.
3.Reyalize premye tou eleksyon jeneral sou tout tèritwa nasyonal la nan dis (10) mwa dezyèm tou eleksyon yo nan mwens ke yon (1) mwa.

Pou reyalize manda sa a, se konsèy gouvènman an ki ap gen poul prezide konsèy siperyè
lapolis la poul detèmine estrateji nesesè pou asire sekirite tout popilasyon an. Se menm konsèy la ki ap Prezide konsèy minis yo. Konsèy la ap sèvi ak sekretariya prezidans lan pou fè travay li kòm sa dwa.

Dire manda konsèy la se douz (12) mwa li ap kòmanse 7 fevriye 2022 nan lè midi li ap fini 7 fevriye 2023 nan lè 11:59 nan maten ki se lè Prezidan eli a ap resevwa echap prezidansyèl li.

Pwopozisyon sa a mezanmi se pou PNP mande nou pou nou mete tèt nou ansanm pou nou sispann ak bann akò de grenn gòch nap prezante yo si nou vle pou Ayiti kontinye egziste tout bon vre. Sispann chwazi ti gwoup isi ti gwoup la ba pandan nou bliye pèp la nan mizè ak ensekirite li ye a. Sispann bliye sa yo nou di nou reprezante yo. Sispann manipile sa ki pi fèb yo pou nou ka asire chita nou.

Li lè li tan pou nou trase yon egzanp pou moutre entènasyonal la nou ka antann nou. Menm jan nou te antann nou pou nou te mete kolon yo deyò. Nou tout kontribiye nan fè Ayiti devni yon bonm ki ka eksploze nenpòt ki moman! Se kòmsi nou panse lè bonm lan eklate ya nou ap gen tan poun kouri.

Sispann koupe branch bwa nou chita sou li a. Sispann mòde dwèt kap mete manje nan bouch nou an.

Li lè, li tan pou nou sonje ke se Ayisyen nou ye, se Ayiti ki peyi nou.
PNP mande pou nou sispann kontribiye nan detwi peyi a. Li pa bon mezanmi se pi mal peyi a ap vin pi mal chak jou. Sispann sèvi ak entimidasyon pou nou regle pwòp afè pa nou. Asasen etranje ak asasen ayisyen mete ansanm yo touye Prezidan Jovenel Moise sou kabann lakay li, an nou kreye estabilite pou nou ka wè kòman nou ka jwenn jistis pou defen prezidan an ak pou peyi a. An nou travay pou nou gen yon aparèy jistis ki fò pou tout moun ki pèdi lavi yo nan move kondisyon yo ka jwenn jistis. Lè yon peyi pa gen jistis, pa gen lwa, pa gen lòd, li pa rele peyi ankò se yon savann li vin ye. Ki lè nou menm ki rele tèt nou lidè nap pran konsyans pou nou bay peyi a yon chans?

PNP (yon lòt chimen) di li lè li tan pou nou repase konsyans nou, pou nou bay Ayiti yon
dènye chans. Se yon konsèy gouvènman ki regwoupe tout depatman nan peyi a ki ka ede nou sòti nan kriz nou ye a.

Se sèl inisyativ sa a ki ka sove nou devan lòt peyi yo.

Pou Parti Nouvelle Perspective:
Abaky ROBERT Dr Julio Warner LOISEAU, PhD
Prezidan Sekretè Jeneral

  • (509) 3904 3939 + (509) 4099 9333

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.