Matris Liberasyon denonse tantativ kreyasyon krèy elektoral amelyore a

0
1822

Kominike Matris Liberasyon : Denonse tantativ kreyasyon krèy elektoral amelyore a.

Samdi 29 janvye 2022 ((rezonodwes.com))–

Matris Liberasyon wete chapo l byen ba devan kouray pèp Ayisyen an, k ap reziste devan tout katastwòf k ap frape l yo nan moman sa a: ensekirite / kidnapin, lavichè, kovid 19, tranbleman tè, elatriye…

N ap raple jistis pa janm fèt toujou pou masak ki fèt nan katye popilè yo ; masak sou jenn fanm ak jenn gason kap batay. Kriminèl yo lib nan tout rakwen tout manda bèbè.


Pou ajoute sou tribilasyon l, ane 2022 a kòmanse tanmen anba movepratik/deblozay rejim tèt kale twazyèm vèsyon an ap alimante.

Dirijan ensousyan sa yo, k ap mennen bak Leta a, ap benyen san savon nan kabouyay gagòt ak ilegalite, nan egzekite san reflechi tout lòd papa yo ( blan) pase yo ki pa reponn ditou ak enterè pèp ayisyen an.

Pandan tan sa a, an n fè yon ti gade jan sosyete a ap fonksyone : màs katye popilè yo lage nan mawon nan pwòp peyi yo. Pifò moun nan Klas mwayèn nan, nan yon prizon makiye. Yo fin boule mizè travay 8 tè 4 trè , anvan fè nwa tanmen, yo te gentan rantre nan nich Kat (4) miray pou chape anba fiziyad , asasina , kidnapin , elatriye…

Jouk jounen jodi an, viktim tranbleman gran Sid ak viktim dife nan Nò yo , toujou nan gwo difikilte.

Yon lòt kote, nan bab tout chèf nan leta a, tout gwo enstitisyon swa dizan moral, deblozay ensekirite, katastwòf natirèl, mizè, kowona ap depafini peyi a. Gouvènman kò gwoup la, pa wè li pa tande, li mare sosis li ak kèk konze pou lanse pwosesis elektoral tèt anba , sou lòd gwo lawon entènasyonal yo, nan mitan rivyè san k ap koule toupatou a. Se nan radyo, zen, konplo pou monte krèy elektoral amelyore a pete!

Yon dividal magouyè enfiltre, anpil sektè enpotan nan lavi nasyonal la, pou rantre nan negosyasyon , manke melanje ak dirijan defakto a pou kontinye bay pèp ayisyen an kou nan do.

Nan Sans sa a, Matris Liberasyon, ki sèmante pou l pa janm trayi revandikasyon pèp Ayisyen an, ki chita sou yon tranzisyon koupe fache , ap denonse tout vye mannèv awousa lokal ak malfektè entènasyonal ap pare pou fè sou peyi Dayiti ak Krèy elektoral
amelyore y ap monte an katimini an.

Matris Liberasyon rete kwè, se yon solisyon tèt ansanm, kote tout fòs ak sektè vital nanchon an, antann yo nan yon makonnay k ap kapab akouche yon solisyon Ayisyèn , nan yon tranzisyon koupe fache tankou akò 30 dawou a (Montana ) pwopoze l .

Matris Liberasyon ap lanse yon dènye mizangad ak tout sektè nan peyi a ki pare pou antre tèt bese nan konplo pou kontinye kraze peyi a nan fè eleksyon malatchong, pike kole, tout ti vis, pou mete sou pye yon nouvo krèy elektoral amelyore dèyè do lalwa.

Demach monte krèy elektoral amelyore a ap fèt nan yon kanaval ensekirite , jan rejim PHTK a, vèsyon 1, vèsyon 2, vèsyon 3 a, blayi sou peyi a depi kèk tan pou regle zafè pran pouvwa yo sou san pèp la.

MATRIS LIBERASYON ap di yo, pèp Ayisyen an poze, men li p ap dòmi.

Se veye l ap veye pou l fè machann peyi, magouyè yo, tande vwa li.

MATRIS LIBERASYON sèmante pou l pa trayi pèp la !

Nou se ML !!! N ap batay pou akouche yon lòt sosyete san fòs kote !

Pou otantifikasyon :
Biwo Sekretarya santral Matris
Liberasyon

© matrisliberasyon033@gmail.com

https://fb.watch/aRj6TcbUqg/

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.