25 septembre 2025
Radio Kiskeya pa dakò pou laprès voye reprezantan nan Konsèy Elektoral ilegal e ilejitim Ariel Henry a
Actualités Kreyòl Société

Radio Kiskeya pa dakò pou laprès voye reprezantan nan Konsèy Elektoral ilegal e ilejitim Ariel Henry a

Vandredi 29 janvye 2022 ((rezonodwes.com))– Apre yon gwo eskandal eklate ant dirijan asosyasyon patwon medya tradisyonòl yo (ANMH ak AMIH) epi asosyasyon jounalis (AJH), Radyo Kiskeya frape pye l atè pou montre li move kon kong sou manm laprès sa yo ki ap sal figi sektè a.

Nan yon editoryal ke direktè jeneral li, Marvel Dandin, li jedi a sou lèzond, Radyo Kiskeya denonse machin koripsyon Tet Kale an ki foure kò l tout longè nan laprès la pou demantibile li.

Direktè Dandin ki lonje dwèt sou mannèv k ap fèt pou gouvènman defakto a ka monte yon Konsèy Elektoral ilegal, ilejitim, epi òganize yon referandòm Dermalog.

Ekip Radyo Kiskeya a pati tou a bò Entènasyonal la ki ap bay pwojè malouk sa jarèt e li di li endiye e tris pou wè laprès tonbe plat atè nan ti magouy pou voye moun nan pòs konseye elektoral nan kondisyon sa yo.

Tout eskandal sa fèt pou yon pòs, pou moun ka plen pòch, jwenn privilèj alòske se laprès ki ta dwe la pou rele anmwe, denonse vòlò ak gaspiyaj. Pou Dandin, se laprès ki ta dwe ap mande bon jan kondisyon pou kanpay elektoral ak òganizasyon eleksyon nan bon manmit.

Sa ki pi rèd la, moun k ap goumen yo pa menm gen bakòp tout medya ak sektè nan près la, dapre Dandin. Kdonk, yo pa ta dwe al kore yon rejim ilegal e ilejitim ki vle fè eleksyon ak referandòm pou bandi ak mafya.

Radyo Kiskeya di li pa nan pwojè sa.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.