Lèt yon militan pou kanmarad Janjan Buteau

0
2256

Lèt yon Militan pou kanmarad Janjan Buteau

Pòtoprens , Dimanch 23 janvye 2022

Janjan, 

Mwen pa espesyalman rekonèt ou , menmsi mwen ak ou ak plizyè milyon lòt militan vale yon valè gaz , pase yon valè mati anba machin represyon san kanpe sa a k ap chèche koukouman revandikasyon popilè yo.

Lè mwen tande kan popilè a resi deside jofre yon Zèl Kat konsa pou vin premye minis  , Mwen te deside fouye plis sou ou. Mwen al nan anpil kote epi poze kesyon sou ou. Menm si gen anpil bagay mwen te konen deja de ou

Janjan ,ou se yon medsen. Paske w se medsen ,ou kon mizè wouj yon paran ki ap gade pitit li ki malad epi ki paka ba l swen.

Ou fòme plizyè jenerasyon jèn medsen jouk yo vin konpetan epi ede bay lasante.
Janjan ,ou se sitwayen angaje nan kòz mas yo .Ou pap gade nou de lwen ak linèt zuzu. Ou pa fè kouwè sak di nou sal yo.Ou se Youn pami Nou.  Depi 30 an, ou se apantè demokrasi menm jan ak nou .

Janjan, ou se viktim ensekirite ou pral gen misyon konbat la,lè w vin prezidan CSPN nan.
Paske ou te viktim kidnapin deja tou,ou konen plis pase yon lòt kijan fenomèn sa a ap kraze peyi a.

Janjan, ou kon doulè pwòch ou yo fouke nan prizon san yo pa fè anyen. Pa gen lontan ,yo te arete frè w Loulou .Mwen espere chak maten lè w panse ak frè w ,w ap sonje prèske 5000 moun lajistis refize bay moso jistis nan jwen jijman ekitab kòmsadwa.

Janjan,ou se dirijan politik. sa ba w dimansyon pou w  abòde kesyon sosyal yo.
Mwen pa t vote w an 2006. Ou potko konvenk mwen . Epi tou,mwen te konpran se daso w te vin pran menm jan ak lòt yo .

Mwen te jèn tou.Se pandan peryòd 2006 mwen fini lekòl.Depi jou sa a, mwen sanble moun k ap travay nan izin anvlòp jon si tèlman mwen depoze CV .

2006-2022 ,prèske 20 tan aprè , ou vin gen plis cheve blan epi konviksyon w ret tenn fas. Ou toujou sou bit sèvi epi w pa wè Leta a kouwè Chwal papa . Ou pa janm al chèche gaspiye Leta a kouwè manje sinistre. Mwen swiv pifò entèvansyon ou fè nan non pati politik ASO ak gwoup Konbit Òganizasyon Politik sendikal ak popilè.

Jean-Hénold Buteau,Janjan,souple kenbe itopi popilè a , pa fè nou wont.
Kan popilè a pap ba w madichon ,men si w pa degaje w reisi ak Tranzisyon Ripti a, nou menm ak ou se ap dezòm pèdi. 

Yon Militan konsekan

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.