Dr Jean Henold Buteau kandida pou premye minis tranzisyon nan kad Akò Montana

0
3555

Nòt Biwo Politik Dr Jean Henold Buteau

Madi 18 janvye 2022 ((rezonodwes.com))– Biwo Politik Dr Jean Henold Buteau, kandida pou pòs Premye Minis nan kad akò 30 dawout la anonse popilasyon an nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a, Doktè Jean Henold Buteau fè depo pyès li jou 17 janvye 2022 a nan sekretarya BSA a jan sa prevwa nan kalandriye elektoral Konsèy Nasyonal Tranzisyon an mete deyò a.

Biwo Politik la pwofite okazyon sa pou li voye yon chay Ayibobo pou tout òganizasyon ak pèsonalite ki ankouraje ak sipòte kandidati Dr. Buteau a.

Kandidati Dr. Jean Henold Buteau a enskri nan pèspektiv angajman kandida a ak òganizasyon k ap sipòte l yo pran pou tabli nan peyi a yon tranzisyon koupe fache ki ranmase revandikasyon fondalnatal pèp Ayisyen an. 

Revandikasyon sa yo te eksprime klèman nan tout mobilizasyon kont pouvwa konwonpi PHTK a. Pami yo gen sekirite, pwosè masak yo, pwosè gagòt ki fèt nan lajan CIRH ak Petwokaribe a ak amelyorasyon kondisyon lavi popilasyon an.

Biwo Politik la pwofite okazyon sa a pou mande pèp Ayisyen an nan peyi a kou nan dyaspora a pou li kontinye kanpe dèyè akò 30 dawout la epi mobilize pou nou ka rive nan tranzisyon koupe fache nou vle a.

Veye, mobilize pou n pa pran gòl ak men.

Pou Biwo Politik la :

Jean Paul BASTIEN / 37302884

Olriche JEAN PIERRE / 38492021

 Kepler AURELIEN / 36664014

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.