28 octobre 2026
Bandi nan Petyonvil vòlò yon anbilans CAN ayè jedi nan aswè
Actualités Société

Bandi nan Petyonvil vòlò yon anbilans CAN ayè jedi nan aswè

Vandredi 7 janvye 2022 ((rezonodwes.com))– Sant Anbilansye Nasyonal (CAN) enfòme ke ayè jedi ki te 6 janvye 2022 a moun ak zam pran yon anbilans CAN ki gen plak DM-00147, Mobil 123, nan ri panamerikèn zòn Mòn Laza kote nèg ak zam sa yo t ap opere.

Se bò 7è 30 nan aswè bandi yo te met lapat sou anbilans la.

Nan sans sa, CAN mande popilasyon an rete veyatif e kontwole plak anbilans ki ap sikile nan lari a.

Pandan enstitisyon an di l ap mennen demach bò kote lapolis ak tout enstans ki konsène yo pou jwenn anbilans la prese prese, CAN fè konnen li pa responsab okenn move zak ki ta fèt ak anbilans DM-00147, Mobile 123 a.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.