Samdi Premye Janvye 2022 [rezonodwes.com]–Pandan ke minis de fakto Zafè Etranj yo tap bwè soup joumou nan Pòtoprens ak kèk Blan ki ba yo pouvwa a nan peyi Dessalines nan, Dòk Aryèl Henri li menm se bon pye’l ki fè’l soti, – pour le bonheur du pays – san yon ti egratini nan Katedral Gonaiyv la, jodi samdi Premye janvye 2022 a, malgre li pran anpil bourad.
Pou yon fwa, jandam ak polisye ki montre yo itil ak pwofesyonèl alòs ke yo te anbandonen Jovenel Moise pou kont li 7 jiyè pase-a, sove Premye Minis de fakto a anba yon konsè bal ki fèl kouri kite Katedral pa pye pa tèt anvan menm la mès fini. Estann ke minis Defans de fakto a, Dòk Enock Joseph, te fè konstri a pa itil anyen. Se lajan trezò a ki depanse pou gran mèsi, an plis travayè pran bal pou gran mèsi chyen.
Aryel Henri ki kenbe rèd nan pòch vès’li diskou ke mounn Gonaives fè’l vale samdi a, pat rive monte sou pwent estann lan, tèlman bagay la te mangonmen apre défi mouche te soti pou’l leve malgre tout avètisman li te resevwa bò kote nèg ak zanm ki di yo se manm Fòs revolisyonè.
Aryèl Henry tann jouk bò sizè pou finalman li bay yon diskou. Ann tande sali te gen pou di samdi maten nan Gonaives.