25 septembre 2025
Menmsi li gen sèlman 35 lane, prezidan eli nan Chili a, Gabriel Boric, pa ni pitimi ni loray kale
Actualités Kreyòl Société

Menmsi li gen sèlman 35 lane, prezidan eli nan Chili a, Gabriel Boric, pa ni pitimi ni loray kale

Lendi 20 desanm 2021 ((rezonodwes.com))– Anviwon 4 jou apre Bebe Dòk kouri kite Ayiti, yon ti gason pral debake nan lavi nan peyi Chili, peyi kote jenès Ayisyen an pral fè tounen yon destinasyon paradi pandan reny Tet Kale yo.

Trannsenk lane sèlman apre li fèt, Gabriel Boric vin prezidan peyi Chili, apre li bat, ak 55,86 % vwa, kandida ekstrèm dwat la, Jose Antonio Kast, nan dezyèm tou eleksyon ki fèt dimanch 19 desanm nan.

Gabriel Boric pa yon djòl alèlè sèvo vid san bilan. Si li piti nan laj, Boric pa ditou yon pitimi ni yon loray kale. Jennjan vanyan sa se yon gwo konbatan, yon militan wòdpòt depi li te toupiti.

Dapre manman ak papa li, depi li te ti katkat, Boric te toujou ap ekri gwo eslogan nan chanm li ki montre angajman li pou jistis ak jistis sosyal.

Bonèbonè, Boric pral angaje li nan mouvman lagoch  »Izquierda Autónoma » ak sendika etidyan pou mande lekòl gratis nan lane 2011. Pou li ka pouse revandikasyon li yo pi devan, Gabriel Boric, ki t ap etidye Dwa, pran tèt Federasyon Etidyan inivèsitè nan Chili nan eleksyon.

Ak kokenn chenn fòmasyon ak eksperyans li ranmase sou teren ak nan estrikti politik li t ap milite ladan l, Boric te rive ranpòte eleksyon pou pòs depite nan lane 2013.

Malgre li rantre nan lachanm epi egzèse yon dezyèm manda, onorab depite a pa jete kazak militan li e li te patisipe rèd nan gwo mouvman ki te fèt nan lane 2020 pou mande voye jete nan poubèl konstitisyon diktatè Augusto Pinochet te taye mete sou do Chili.

Alòske pèsonn pat panse li te ka rive lwen nan kous pou prezidan, Boric te rive pote lamayòl nan primè ki te fèt nan kan lagoch la. Apresa, li rive depase Kast nan dezyèm tou eleksyon yo, malgre se an dezyèm li te ye nan premye tou a.

Apre rezilta yo, Boric pa deside chita fete ni kouche repoze. Rapid vit, li al nan palè rankontre ak prezidan k ap kite pouvwa a, Sebastian Pinera, pou gade ki bourad li ka pote annatandan li chita tout bon vre sou chèz boure a nan mwad mas k ap vini an.

Men, Boric deja konnen bagay yo p ap koule lwil pou li. Gen anpil pwoblèm ki chita la ap tann li epi gen de sektè tankou gwo patwon mache bousye yo ki pa danse kole ak li e ki ta prefere se moun tankou Pinera oubyen Kast ki dirije Chili.

Pandanstan sa, li pral gen gwo presyon sou do li ak militan lagoch yo ki ap ret tann gwo reyalizasyon nan pwogram li an, tankou retire nan men sektè prive a ansyen antrepriz leta ke gouvènman anvan yo te vann, mete sou pye yon pwogram asirans maladi inivèsèl, rache plis enpo nan men rich yo, ogmante salè minimòm, refòme lapolis epi fè sistèm retrèt la vin piblik.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.