Nan 4 lane ankò, machin ap vole san pwoblèm nan lèzè

0
2008

Jou pou moun ki vle e ki kapab ka achte machin k ap vole nan lèzè a preske rive…

Dimanch 14 novanm 2021 ((rezonodwes.com))– Nou pi pre pase pi lwen pou gwo goumen ant antrepriz ki fabrike machin yo rive soti youn ki ka vole nan lèzè tankou elikoptè oubyen avyon.

Sanble se peyi Japon k ap pote lamayòl la paske biznis SkyDrive pwomèt ke l ap met sou mache a nan lane 2025, sa vle di nan anviwon 4 lane, yon eVTOL (machin elektrik ki ka dekole epi ateri nan yon fason vètikal).

SkyDrive deja genyen anba men li yon sètifika sekirite pou modèl machin li an e otorizasyon pou vann li san pwoblèm. Li te oblije founi anpil enfòmasyon sansib ak plan fabrikasyon modèl li a.

Se pou premye fwa yon peyi resi bay otorizasyon sa. Anpil gwo tès fèt pou otorite yo ka asire yo ke modèl machin SkyDrive la reponn ak egzijans yo, ke se swa sou kapsite pou vole, pèfòmans, konsepsyon, estrikti, rezistans, sekirite ak anviwonman.

Premye machin eVTOL SkyDrive la SD-03 deja fè demonstrasyon ak yon pilòt ki pa yon wobo, men yon moun tout bon. Se yon ti modèl ki gen yon sèl chèz ak 3 elis. Li sanble anpil ak yon dwon. Pou koulye a, se sèlman 10 minit li ka vole ak yon vitès 48 kilomèt pa èd tan.

SkyDrive di l ap travay rèd pou li rive a 30 minit vòl pou 64 km/èdtan epi yon modèl ki ka pran omwen 2 moun. Konsa, machin sa ka sèvi kòm taksi.

Koreyen yo menm pa vle bay legen. Yo deja anonse y ap mete yon sèvis taksi petèt menm anvan 2025. Volocopter fenk fè demonstrasyon piblik 11 novanm pase a ak eVTOL pa li a, ki gen non kòd 2X.

Li te vole pandan 3 minit nan ayewopò Gimpo a sou yon distans 3 kilomèt. Li te rive 50 mèt wotè e yon vitès 45 km/èdtan.

Gen yon lòt modèl koreyen yo ap travay sou li e yo pwomèt y ap konstwi youn ane k ap vini an. Rive 2023 yo ka fè youn k ap gen 5 plas.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.