Etazini mande sitwayen meriken yo kite Ayiti rapid rapid

0
4643

Kominike Anbasad Etazini ann Ayiti

Jedi 11 novanm 2021 ((rezonodwes.com))–

Depatman Deta Etazini mande tout sitwayen ameriken pou degaje chache mwayen pou kite teritwa Ayiti a rapid rapid.

Sitwayen yo ta dwe egzamine byen fon kòman yo riske lavi yo lè yo deside vwayaje oubyen rete nan peyi Ayiti, pou jan sitiyasyon an malouk, ak pwoblèm sekirite ak enfrastrikti yo.

Zafè pa gen gaz la ka anpeche yo jwenn sèvis yo ta bezwen an ijans, pa egzanp labank, transfè lajan, laswenyaj, entènèt ak lòt kominikasyon, epitou transpò piblik tankou prive.

Li pa sèten nonplis ke anbasad Etazini ka pote èd bay sitwayen meriken ki ta nan kous kouri pou yo kite Ayiti si transpò komèsyal yo ta vin kanpe.

Annatandan, avyon komèsyal yo toujou an aktivite. Li ta bon pou sitwayen yo tcheke enfòmasyon sou sa Depatman Deta kapab ou pa kapab fè pou yo nan moman kriz.

US Embassy

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.