16 janvier 2026
Bèk atè devan bandi, leta oblije ranvwaye egzamen bakaloreya rekale yo pou fevriye
Actualités Culture Société

Bèk atè devan bandi, leta oblije ranvwaye egzamen bakaloreya rekale yo pou fevriye

Madi 9 novanm 2021 ((rezonodwes.com))– Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, ke Marie Lucie Joseph ap dirije anonse madi ke li ranvwaye egzamen bakaloreya pou rekale yo.

Premye sesyon pou ane 2021-2022 an te dwe fèt nan mwa desann k ap vini an. Men leta oblije fikse yon lòt dat.

Konsa, premye sesyon an ap dewoule soti 21 rive 24 fevriye 2022 epi enskripsyon kandida yo pou  »bakaloreya pèmanan » ap fèt nan mwa janvye ane 2022 a, ant 4 e 21 nan mwa a.

Ak nòt sa, minis edikasyon an montre leta bay legen nan dosye ensekirite ak lit kont gang ki ap toufonnen ayisyen depi kèk tan nan peyi.

Gouvènman fè bèk atè devan bandi ki bloke distribisyon gaz e anpeche sikilasyon moun ak byen nan Pòtoprens ak nan pwovens epi oblije enstitisyon piblik kou prive fonksyone kòrekteman.

Koulye a, premye minis, minis ak fonksyonè ap tann lòt peyi vin sove yo.

Men, y ap klèwonnen ke yo se nasyonalis.

Moun mele!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.