Senatè Patrice Dumont : « Se pa math la sèlman pou nou genyen se chanpyona-a pou Ayiti ranpòte ».
Mercredi 27 octobre 2021 ((rezonodwes.com))–Nan yon mesaj Senatè depatman Lwès lan, Patrice Dumont, fè pase sou MCTV Boston, li di ke bagay yo grav anpil an Ayiti e « gen maladi gen lan mò, gang anvayi nou ».
Li kontinye pou’l di ke « asasen gang yo kidnape nou […] galon gaz fè 3000 mil Goud […] se pakisa nou ka fe non, men ki sa nou dwe fè« , pandan li kontinye pou’l di ke jwèt pou nou e ke « se nou menm pèp’la ki pou monte teren an konnia a« .
An’n koute Senatè-a ki kontinye distenge’l pami tout lòt 10 senatè ki rete yo depi janvye 2020 lè PHTK te deside kraze Palman an pou gouvène pa dekrè. « Nou pa janm fè gol pou volò nou rele bare deja se kòd nou poko genyen. Se nou menm pèp Aysyen se nou menm ansan ki dwe mobilize pou mete sekirite nan peyi a« .

