Lansman Ofisyèl : Fòs Pòtoprens mande jenès la pran desten peyi a an men

0
1397

Kominike Mouvman Fòs Pòtoprens/ Konferans pou laprès lendi 20 septanb 2021 fèt papa Nasyon an.

Lendi 20 septanm 2021 ((rezonodwes.com))–

Nap salye laprès pale ekri , televize ak laprès an liy nan lansman ofisyèl fòs pòtoprens

Fòs pòtoprens konstate depi kèk tan nan peyi an ,kote yon gwoup oligak kenbe peyi a an otaj ,yo se sèl vwa otorize nan kesyon politik peyi an.

Gwoup politisyen sa yo koz tout sitwayen konsekan pè antre nan kesyon politik peyi ya ,tandiske politik se li kap menen tout peyi a ; kote jèn gason ak jèn fanm pa vle fè politik  paske pa gen konfyans nan klas politik lan .Nou menm nan fòs pòtoprens nou vinn mande moun men pwòp yo,la jenès an patikilye ki se 65 % nan popilasyon an, nou paka ap rete gade gwoup politisyen tradisyonèl sa yo kap kontinye planifye avni nou poutan sel rèv yo se vinn pi rich de jou an jou.

Jèn fanm ak jèn gason nan peyi Dayiti reveye nou ,an nou pran desten nou an men ,se nou ki nan mawon ,se nou ki al Chili ,se nou ki al Bresil ,se nou ki al pran imiliasyon nan tout lòt peyi  pandan antreprenè politik isit  ap kontinye ap pran desizyon nan non nou , sou do nou ,kont nou ,lè a rive pou nou di non ,lè a rive pou nou kreye yon sèl fòs pou defann entegrite nou  li pafè sans malgre tout jefò nou fè sou plan akademik ak pwofesyonèl pou nou travay , pouki se koripsyon  pou nou fè, li pafè sans pou se taksi moto a yo kite pou nou ,se ti plat la yo kite pou nou ,se marigwana yo kite pou nou ,nan jwe tout jwèt ,kidonk se nan aza nap planifye avni nou ,lè a rive pou nou konsantre nou sou lesansyèl pou’n di non nou pavle pou lajan tax nou yo ap anrichi yon ti gwoup pandan tout rès moun yo ap patoje nan lamizè .

Jèn fanm ak jèn gason nan peyim reveye nou ,pou nou konstate echèk tout elit nou yo , pou nou pran desten peyi sa an men ,vin mete ak nou menm fòs potoprens pou yon lot klas politik ,anfen pou yon ayiti tou nèf .

Viv Ayiti ,viv yon lot gwoup moun ,pou yon lot klas politik ,viv ideyal papa nasyon an.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.