Nòt Presizyon : Digicel enfòme li pa gen aksè a okenn konvèsasyon kliyan, ke seswa apèl, SMS, BiP, WhatsApp, Signal, Telegram, elatriye

0
3061

Eske Komisè Bed-Ford reyèlteman gen son konvèsasyon ant Ariel avèk Badio menm jan Martine Moise gen video asasina Dorval la « 2 minit » apre yon komando touye l?

Madi 14 septanm 2021 ((rezonodwes.com))–

NÒT PRESIZYON

Digicel ap fè tout moun konnen :

1- Li pa gen aksè a okenn konvèsasyon kliyan, ke seswa apèl, SMS, BiP, WhatsApp, Signal, Telegram, elatriye;

2- Li ka wè ki nimewo ki rele ki nimewo, a kilè apèl la fèt epi ki kote moun yo ye. 
MEN LI PA POSIB POU KONPAYI AN TANDE KISA MOUN YO AP DI NAN APÈL LA. TEKNIKMAN LI PA POSIB;

3- Jan la lwa mande epi dekri sa, Digicel tankou tout lòt Operatè telekominikasyon gen pou obligasyon kolabore ak lajistis. Digicel toujou rete nan liy la lwa trase a; e konpayi an founi lajistis tout enfòmasyon ke yo mande selon la lwa.

4- Digicel se yon konpayi prive, l ap asire popilasyon a an jeneral ke l ap toujou kolabore ak lajistis jan la lwa prevwa pou sa fèt la.

Mèsi

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.