Natcom fè Ministè Edikasyon Nasyonal kado plis pase 2 milyon dola vèt

0
1087

Samdi 11 septanm 2021 ((rezonodwes.com))– Natcom nan okazyon 10e anivèsè li Natcom fè Ministè Edikasyon Nasyonal kado $ 2.500.000 USD.

Dapre antrepriz k ap vann telefòn ak entènèt la, lajan sa dwe sèvi pou ranfòse sistèm edikasyon an nan peyi a.

Men don sa pa vini kash. Li gen ladan l ekipman ak sèvis. Se konsa MENFP ap resevwa nan men Natcom 20 sal enfòmatik kote chak ap gen ladan yo 25 òdinatè, 25 chèz ak tab ak yon koneksyon IPLL 10 Mbps pandan 3 zan.

Natcom deklare ke jès sa se yon fason pou li di mèsi ak pèp Ayisyen an epi kontribye nan devlopman kominote a.

 »Nou espere jès sa ap ede amelyore kalite edikasyon nan peyi a », Natcom ekri sou rezo sosyo yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.