Nou pap pran « solisyon kosmetik nan men Core Group kap ranse », se sa Pierre Espérance deklare nan Ranmase

0
6200

Se yon skandal pou yon dal mounn – Blan – ki pa gen pyès enterè pou Ayiti devlope tout bon vre kouri mande eleksyon ane sa ak PHTK, se pozisyon tout gwo chabrak ki patisipe nan Ranmase, samdi maten-an ak Jean Monard Métélus.

Samedi 17 jiyè 2021 ((rezonodwes.com))–« Nou pa kapab kontinye avèk peyi-a nan eta sa ankò, paseke Ayiti pa yon eritaj la famiy Moise ak PHTK« , se sa Pierre Espérance (RNDDH) deklare samdi nan emisyon Ranmase, yon fason, daprè li, pou voye jete nòt Core Group la ki di li vle yon gouvènman enkisif avèk Ariel Henri pou vinn kontinye menm penpenp’lan.

Core Group, « ki pa gen pyès moralite e ki pa vle wè nou« , daprè Mesye Esperance, pap vini ak « pyès solisyon kosmetik ankò« . « Core Group ap ranse ak nòt li-a, yo kosonye tout deriv pouvwa a e yo lakoz nou rive kote nou ye jodia-a« .

« Nou bezwen konnen ki sa ki rive ekzakteman jou 7 jiyè-a« , sepandan avèk lanmò regretab Jovenel Moise, nan dezi’l poul te « vasalize tout enstitisyon yo » tout planifikasyon tonbe avèk tout misyon Ariel Henri te genyen-an, li ajoute pou’l fini.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.