Antant Nasyonal pou yon Tranzisyon koupe fache pwopoze òganizasyon eleksyon jeneral pa pita nan 18 mwa

0
3932

Propositions d’accord pour une sortie de crise, émises respectivement les 23 avril et 1er juin 2021.

NÒT POU PÈP AYISYEN AN
15 jiyè 2021

Vandredi 16 jiyè 2021 ((rezonodwes.com))–

Pati politik, Regwoupman, òganizasyon sosyo politik ak Pèsonalite Politik ki rasanble anndan Antant Nasyonal pou Tranzizyon Koupe Fache a ap raple pèp ayisyen an alawonndabè depi prèske yon lanne, sou baz yon lekti istorik melanje ak yon pakèt analiz politik, ekonomik, enstitisyonèl elatriye, nou konprann se sèlman yon Tranzisyon kap makònnen ak yon vizyon koupe fache tout bon vre ki kapab remete peyi a sou wout devloman ak pwogrè ekonomik ak sosyal tout bon vre.

Nou konstate :

1.- Sistèm dechèpiyè, koupyon kap toupizi pèp la depi aprè asasina papa nanchon an, Jan Jak Desalin, rive nan bout li ;

2.- Bosal yo antre nan mawon paske pa gen pwodiksyon agrikòl ankò; pa gen okenn sektè kap kreye richès; majorite sitwayen yo pa janm goute moso dwa sosyal ak ekonomik nan peyi a ; popilasyon kap reziste a, ki pa chape poul li pou al bouske lavi nan lòt peyi yo ap patinen nan move LAVI, mizè, ensekirite ak inegalite; sistèm ekonomik vyolan, achte-revann ak peze souse a pèdi souf. Zo a fin souse pa gen vyann ankò, sèlman kèk enstitisyon nan Leta a ki rete ap fè laviwonndede anba grif panzouyis yo ;

3.- Sistèm nan tonbe anba zèl bandi ki kontinye ap taye banda nan peyi a pou kwape tout ayisyen konsekan : delenkan, mafya, asasen, kriminèl ap fè lalwa nan tout sosyete a. Jodi a yo menm rive pote ale nan lannuit 6 pou leve 7 jiyè 2021 a LAVI ansyen prezidan, Jovenel Moïse, nan chanm lakay li. Aksyon sila krache sou demokrasi peyi a ak tout avni jenerayon kap vini yo; Antant lan denonse ak tout fòs li zak kriminèl sa a.

Men sa nou vle :

1.- Yon TÈT ANSANNM nan mitan tout fòs pwogresis peyi a ak tout dyaspora a pou soti peyi a nan kalfou difisil sa a ;

2.- Mete kanpe yon modèl gouvènans kap pote chanjman pozitif nan lavi pèp ayisyen an pou lespwa ak Lavi kapab rive boujonnen ;

3.- Peyi a se eritay nou tout. Se nou menm pèp la, tout kouch sosyal, ki pou deside kisa nou vle fè ak gwo eritay sa a. Jodi a kadav ansyen prezidan an poko menm antere, yon bann sektè kap jwi sistèm peze souse a, asosye ak yon bann politisyen koumanse goumen pou al kontwole menm Leta souflantou peze souse a epi al bay sistèm miwo miba a jarèt.

Antant Nasyonal pou yon Tranzisyon Koupe Fache di NON! NON! NON! avèk vye ajisman sa yo. Nou dwe goumen jiskobou pou n rive kase kou sistèm sa a pou etranje sispann jwenn pretèks ak mwayen pou vin ban nou dikte politik : se nou ki gen dwa trase chimen lavni nou kòm pèp grandèt majè nan respè ak lanmou youn pou lòt.

Konjonkti politik la mande pou nou fè anpil depasman pou yon lòt AYITI kap chita sou 3 wòch dife : fyète, byennèt ak pwogrè.

4.- Yon AKÒ POLITIK prese prese ant aktè politik pwogresis yo ak sosyete sivil ki kwè nan chanjman tout bon vre a.

Apre sa, nou tout, nan yon tèt kole dwe rive mete sou pye :

• Yon Gouvènman Tranzisyon Koupe Fache (Antant Nasyonal) ak yon seri pèsonalite onèt -fanm
kou gason- ki renmen peyi yo, ki pat janm gen men yo tranpe nan okenn bagay ki sal tankou
krim, koripsyon elatriye ;
• Yon estrikti kap gen pou misyon kontwole aksyon gouvènman tranzizyon an ;
• Yon ajanda kap gen pou :
✓ Retabli san pèdi tan yon klima sekirite sou tout teritwa a,
✓ Refòme sistèm jistis ak sekirite nan peyi a,
✓ Redefini ak tout patnè teknik, finansye nan entènasyonal la yon nouvo pwotokòl
relasyon nan respè youn pou lòt,
✓ Mete sou pye yon pwogram ijans ekonomik ak sosyal pou amelyore kondisyon lavi
popilasyon an, sitou sa ki nan plis mizè yo,
✓ Demare demach administratif ak jidisyè sou dosye koripsyon (petwo karibe), ak tout
lòt krim, masak ki fèt nan peyi a ( lasalin, bèlè, kafoufèy, site solèy, matisan, dèlma 32,
pou n site sa yo sèlman,
✓ Prepare epi òganize yon konferans nasyonal gran moun pou defini aklè modèl sosyete
ak leta nou vle a,
✓ Koumanse travay sou refòm enstitisyon leta yo,
✓ Mete kanpe yon konsèy elektoral pwovizwa ak moun onèt epi konpetan,
✓ Òganize eleksyon jeneral pa pita nan 18 mwa : dezyèm lendi mwa Janvye 2023, tout
palmantè yo ak eli lokal yo dwe rantre nan fonksyon yo ; 7 Fevriye 2023 peyi a dwe
konnen yon nouveau prezidan lejitim ki soti nan bon jan eleksyon.

Sa se pozizyon Antant Nasyonal pou Tranzizyon Koupe Fache a. Nap kontinye batay ak tout sektè pwogresis nan peyi a, bò kote popilasyon an jiskaske tout revandikasyon popilè yo respekte.

Pou Otantifikasyon :
Senatè Steven BENOIT
Anrino DESTINOBLE
Anès LUBIN

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.