16 janvier 2026
Fakilte Lengwistik Aplike salye depa Doktè Mirville, yon gwo defansè lang kreyòl
Actualités Culture

Fakilte Lengwistik Aplike salye depa Doktè Mirville, yon gwo defansè lang kreyòl

Vandredi 11 jen 2021 ((rezonodwes.com))– Dekana Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) aprann, avèk anpil tristès, lanmò Akademisyen Ernst Mirville. 

Doktè Ernst Mirville te yon pwòch FLA e li te anseye nan Inivèsite d Eta d Ayiti (nan Fakilte Etnoloji).

Li te yon militan pou defans ak pwomosyon lang kreyòl ayisyen an. Non militans li te Pyè Banbou.

Ane pase, Sosyete Koukouy li manm fondatè inogire Pri ekselans Pyè Banbou ki rekonpanse 2 loreya nan konkou antre nan FLA a (youn pou chak vakasyon : maten ak apre-midi) ak 2 etidyan ki loreya nan dènye ane yo nan FLA. 

Nan yon kolòk Laboratwa Lang, Sosyete, Edikasyon (LangSE) te òganize an me 2019 sou direksyon Ethson Otilien, nou te onore Doktè a pou kontribisyon li nan defans ak pwomosyon lang Kreyòl la.

Fakilte a koube li byen ba pou salye depa gran Mapou sa a e li prezante senpati li bay fanmi, zanmi ak kòlèg Doktè Mirville, an patikilye, kòlèg li nan Akademi Kreyòl ayisyen e nan Sosyete Koukouy.

Zèv Doktè Mirville yo ap kontinye viv pou sèvi kòz defans ak pwomosyon lang 100% ayisyen an.   

Pòtoprens, 10 jen 2021

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.