Dimanch Fèt Manman. Rony Colin « mete chapo l byen ba devan bèlte ak bonte Manman Ayisyèn yo »

0
1289

Dimanche de la Fête des Mères, 30 mai 2021 ((rezonodwes.com))–Ansyen majistra Vil Croix-des-Bouquets, Rony Colin, voye yon mesaj espesyal pou tout Manman Ayisyèn kap selebre jou sa ki rezève pou salye devouman yo ak tout sakrifis yo fè nan lelevasyon piti yo.

« M mete chapo m byen ba devan bèlte ak bonte Manman Ayisyèn yo. Kouraj nou san parèy. Nou sakrifye n, fè tout kalte travay pou bay pitit nou bon edikasyon ak enstriksyon« , deklare M. Colin sou paj Twitè li panadn li rekonèt ke fanm vanyan sa yo « se poto mitan sosyete a ».

Majistra a, nan yon siy rekonesans ki san kontestasyon admèt ke Manman Aysyèn yo « se modèl kouraj ak detèminasyon » e se pou rezon sa li rann dimanch 30 Me-a yon « omaj bay tout manman Ayisyèn yo !« 

Rezo Nòdwès tou pwofite ohazyon sa-a pou’l di tou Bòn Fèt dè Mè ak tout manman Ayisyèn kap viv lakay an Ayiti, an Frans, nan Repiblik Dominikèn, nan Bahamas.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.