Gen Zen!

0
5327

Samdi 15 me 2021 ((rezonodwes.com))–

Menm vilen; menm koken, venteyen, tranteyen, karanteyen, menm tenyen.

Jenn ansyen Grenn Nan Bouden ranplase mizisyen nimero en; epi, epi anyen.

Reken yo te benyen lan menm basen; yo te tou limen, yo tap jere menm zen.

Mesken yo penyen lage pou menm voryen; yo gen menm lyen, menm pwen.

Men lan men, ren lan ren, lan menm fo renmen, yo ponmennen, yo penpennen.

Vlen fè dan chen kimen; podven, kras pen fè mesken san nen trennen kou chen.

Okenn filtè, zèfèis aferis tann pèlen Tibwa pou miyonnen ak menti tout rakwen.

Senkant kòb degouden, Lapen, Kabrit Tomazo, menm plimen, menm deplimen.

******************************************************************************

Evelyne, Marline, kokennchenn Gengenn bèl mwayèn sistèm san jèn maspinen.

Kou wen ak kodenn, asasen aliyen, frennen epi deplimen mannken de je fèmen.

Kou chen, zarenyen ak marengwen, yo etenn kretyen, jete Titanyen, sou tenten.

Poutan limenna ak feminen pouvwa bwè diven, fè kalen, recevwa ti bo sou nen.

Koken pran kretyen pou kodenn pandan yap gagannen, degrennen, dan griyen.

Yo kidnape ak maspinen menm famasyen ak medsen ki siyen pou simen swen.

Poutan, asasen byen jere Dominiken, savonnen do lan benyen lan menm basen.

Nen frèt yo pa jennen siyen pachemen pou asasen ak sendenden fè fòs komen.

Tikenkenn ak Grenn sonnen gen marenn, parenn pou etenn souf, simaye òfelen.

Manyen Youn Manyen Tout se kopen pouvwa, yo pran plis tèren lan maspinen.

Tèren yan minen, lajounen n fènwa lan lafimen ki limen pou jouk demen maten.

Grenn mestiyen pa donnen berejenn; simen malandren, nou rekolte sendenden.

Senmaten ki te bèl graden pran lan moulen malandren gang kap simen Chagren.

Ti-Bredjenn pa jwenn Ti-Gengenn pou souse sen, bouden jèn lan nich pengwen.

Chenn lan ren, venn nou tounen vlen, desten nou sènen lan twa wa, pakonnen.

Sendenden yo penn yon vye desen lapenn, chenn lan grenn, okenn Ti gengenn.

******************************************************************************

Mazenflen boukannen lajounen, retounen lan U-Turn apre yo rive two lwen.

Kannale monte desann Pèleren, ap simen la sirèn, lafimen, epi piye mwayen.

Yo detounen biten Venezyelyen, plen panyen TiMajenn ak ponyen monnen.

Alafen, malfrendenn simen graten kakachen lan men reziyen ak soufrisken.

Chimen lekòl fèmen, ti maskilen ap fimen jwen, ti feminen ap fè piten pou pen.

Liseyen, kolejyen sispann debyen; bije aliyen lan konsila chilyen ak brezilyen.

Move ten fè kenken sou chelèn ak Bredjenn, ki bouke toufe lan gaz lakrimojèn.

Entesten fen ap vale entesten plen, pa menm yon ti pen san leven, figi fennen.

Nou reziyenn lan kè plen, grenn sab lan vilbreken n, nou senyen, nou san fren.

Festen Sen Valanten lan dechèpiye magazen, lyen anvlimen, fanmi pè vwazen.

Dwazimen toufounen, medsen, teknisyen pa anyen; anven, nou envoke ginen.

Ayisyen madichonnen ? Pa sèten. Sinon, gen bezwen pou n plenyen devan sen.

Kokennchenn petren, epi la sirèn ap flannen, refren penyen lage tout lajounen.

Chimen demenn lwen kou languinen, konbyen ap plenyen, ponyen ap mennen.

Brenn Ayisyen flannen kou lafimen lan espas karibeyen, fennen kay dominiken.

Koken vannen kòb venezyelyen, layite vilaj Kwen Dèzakaden, ki vo milyon ven.

******************************************************************************

Nou patinen, nou tounen aladen, ap vale grenn labapen, pase Nwèl san saten.

Politisyen degrenn gòch grennen jilbrèt, bwote dlo lan panyen, fè chawolen.

Goumen, simen venen, janmen panse ak Ti Pousen ki ajen jouk fen lajounen.

Gamen kap dòmi lan seren, flè jasmen ki pa boujounen, ale wè pou ta donnen.

Semenn vannen tankou wikenn, lan anyen, plen brenn ak kleren, lan deklen.

Boul grenn disparèt, boul grenn pa jwenn jwèt, kat la mare twasèt, lan petren.

Grenn nan bouden, menm refren gaspiye mwayen, kilè nap sispann trennen ?

En jen? Nou pa konnen. Men se sèten, jou pou mafrendenn teke fren pa lwen.

Kamoken ap souse grenn rezen, pafimen ak jasmen, plede siyen dekrè tenten.

Mizisyen blengbendeng « chawa pete » pi modèl ak pi teknisyen pase dwayen.

Yo nonmen malandren konsiltan ak anbasadè pou “Ouve le Kò” plis vale teren. 

BIC wè lwen. Mikaben, nap viv Ayiti pou n cheri lan renmen an? Dwèt makònen.

Kè plen, malandren patinen, simen pawòl kaka kleren, ki pa Laten ni Mandaren,

Oten ak grenn plen pase yo janmen genyen, poutan yo pa jennen lan clandesten.

Lan koken, kreten fann Fimen, Malandren bimen Mirlande. Nap jwenn yon Silven?

Antouka, nou konnen li pap « ala senglenglen » si nou rive pran desten n en men.

****************************************************************************

Mesken vant deboutonnen lan aleken ak diven, epi TiBenn ap manje kras nen.

Malen ak koken vwazen Dominiken yo deboulonnen chimen n, simen podven.

Kaptenn avèg pouri chimen n ak chimè, siyen kraze bouden, epi simen defen.

Vwazen pouryen, sitèn san ranpli lan basen byen lwen, nou pa kouzen jèmen.

Gwo koken mizisyen vannen ekriven lan vye eskriten pou pran desten an men.

Ak soutyen temwen Meriken, yo maspinen n, epi yo asasinen n, tankou Tilapen.

Merten te ede koken lan di li pa sityayen Meriken ; jès mesken sa pa te anoden.

Anbasad meriken benyen lan koken, plase kopen malen pou pase n lan tenten.

Ti Bekenn, Ti Milyen, Ti Bazen, Ti Mannken, yo pa gen desten, fennen avan limen.

Souveren aprè de Bisantnè; venteyen Latousen aprè de milenè, pirèd ap trennen.

Ayisyen malmennen, ponmenen, trennen lan vye kwen kou chen ki pa gen desten.

Anfen, piga n moli, nou dwe vaksinen kont vye chwa kreten pou n chanje desten.

Ameriken, Kanadyen, Dominiken, Chilyen, Brezilyen, yo pa pran nou pou anyen.

Sou teren karibeyen, sèl Kiben ak Venezyelyen ki temwaye nou bonjan renmen.

Konbyen plenyen, konbyen kimen, twòp tenten, deklen san fren sa dwe frennen!

Anfen, pitit Tousen, nèg ginen, nou pa dwe janm bay legen, se nou ki pou genyen.

Carly Dollin

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.