Maskarad Referandòm

1
1704

MASKARAD REFERANDÒM:

ANVERITE
SI YO PÈSISTE
PÈP LA AP REZISTE.

Yon referandòm
Fantòm,
San fon, sanfòm
San nòm, san bòn;

Yon referandòm
Gomò ak Sodòm;

Yon referandòm
Ranmase  lomòn;

Yon referandòm
San syèj, san wayòm;

Yon referandòm
Ki sieje anba pye bwadòm;

Yon referandòm rakay
Kap fèt anba pay;
Yon referandòm pèdi ray;

Yon referandòm
Monte mòn
Desann mòn,
Lalin ap balize dè mòn;

Yon referandòm
Kreyon pa gen gòm;

Yon referandòm
Plen ris;
Pita pi tris;

Yon referandòm
San èd chalòm;

Yon referandòm
Bote lajan an mas,
Bay tafya channmas;

Yon referandòm
Dirijan bonmas
Kap fè grimas;

Yon maskarad referandòm
Ki vyole dwadelòm;

Yon maskarad referandòm
Kap fèt an kartimini
Pou bay chat mimi
Okazyon kenbe peyi
Lontan nan kalmi;

Yon referandòm
Fè yon vèy
Epi kase fèy
Kouvri sa
Pou pwoteje awousa;

Yon referandòm
Pou pèmèt demagòg
Transfòme leta an sinagòg;
Epi kontinye aji an gòg magòg;

Yon referandòm
Pou kontinye bay satan
Anpil ak yon pakèt tan
Pou l egziste lontan;

Maskarad referandòm:
Anverite pèp la ap reziste
Menmsi mechan yo pèsiste

René Julien
Sitwayen engaje

1 COMMENT

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.