Hey diplome, ou pa entèlektyèl

3
2473

(Texte tiré du livre « Réflexions Au-delà de la Censure », Écrit en Novembre 2012)

Nan wayòm avèg, bòy se wa

Mèkredi 12 me 2021 ((rezonodwes.com))– Depi m timoun m ap tande mo “Entèlektyèl” la, menm pa janm ka rive konprann sal vle di. Nan Televizyon Nasyonal, lè yo anonse yon entèlektyèl ap vini nan yon emisyon se kòmsi se Bondye ki t ap desann. Lè w swiv emisyon yo, ou wè se moun k ap pale bon jan franse. Tank m ap grandi, mo sa kreye plis konfizyon nan tèt mwen. Kisa ki yon entèlektyel pou Ayisyen? Se kesyon sa mwen vle reponn nan ti refleksyon sa a ki pa p twò long paske nou konnen Ayisyen pa renmen li, e yo pa renmen li menm an kreyòl. Kidonk, n ap fè gwo jefò pou nou delivre machandiz san nou pa pale twòp.

Kisa yon entèlektyèl ye pou Ayisyen?

Pou majorite Ayisyen, yon entèlektyèl, se yon nèg, le pli souvan ki vwayaje al etidye, ki fè gwo etid, epi ki pibliye kèk liv. Yon entèlektyèl, se yon nèg k ap pale gwo franse ki fè moun oblije pral nan diksyonè. Yon entèlektyèl se yon nèg ki genyen yon chay konesans ki ka di kèk ti mo nan tout sijè posib. Poun rezime bagay yo, yon entèlektyèl se yon moun, ki konnen oswa yon konesè.

Kisa yon entèlektyèl ye an jeneral

Ti Wobè 2013 di nou ke yon entèlektyèl se yon moun ki malad pou bagay ki gen a wè ak panse, entèlijans. Se yon moun ki toujou ap reflechi, obsève, fè analiz, pataje bon jan lide. Nan peyi Etazini kote m ap viv depi douz lanne, mo entèlektyèl la pa vreman itilize. Yo pito rele moun ki gen anpil konesans syantis ak skola. Lè yo rele yon moun syantis ak skola bò isit, se yon moun yo bay anpil enpòtans. Lè gen yon pwoblèm nan peyi a, oswa genyen yon bagay ki pa fin twò klè, se moun sa yo yo rele pou vin bay moun ekleraj. Anpil nan moun sa yo fè gwo etid, yo pase nan gran inivèsite e yo ekri anpil. Ayisyen ranmase mo entèlektyèl la nan peyi Lafrans. An Frans, nèg renmen itilize mo sa a pou fè gran chire. Kòm nan tan lontan se an Frans Ayisyen te konn al chache pen lenstriksyon, kidonk yo tou pote nan dyakout yo, konsèp sa a ki fè zen pete anpil fwa nan peyi a. Genyen yon filozòf ayisyen ke Ayisyen pa fin konnen twòp, men ki fè gwo bri an Frans, an Ewòp ak Larisi, ki rele Camille Loty Malebranche ki pote yon definisyon ke anpil moun twouve ki enteresan nan kominote syantifik yo nan kèk peyi. Camille Loty di ke yon entèlektyèl se yon moun k ap kreye, k ap envante, e k ap dekouvri. Li mete aksan sou kapasite yon moun pou l ka aprann poukont li, e itilize tout sa l aprann pou l vini ak pwòp bagay pa l. Jean Hamburger, yon franse, manm akademi fransèz ki se youn nan pi gwo espesyalis nan zafè ren ke lemonnantye genyen, di ke yon entèlektyèl se yon nèg ki k ap itilize entèlijans li pou l fè enpak sou sosyete li, se yon moun ki kapab òganize l pou l pèmèt kondisyon pal ak kondisyon moun vin pi bon. Apre nou fin defini konsèp entèlektyèl la, n ap mande tèt nou eske se tout moun ki diplome ki entèlektyèl? Kijan peyi devlope konsevwa moun sa yo? Èske gen entèlektyèl ann Ayiti vre? Si genyen, ki travay yo fè? Kijan yo ede Ayiti?

Diplome oswa Entèlektyèl    

Ann Ayiti depi yon nèg ka kole de mo franse ansanm, yo di w li se yon nèg ki fò. Depi yon nèg fè yon lisans, li prezante yon memwa, li parèt nan kèk emisyon radyo ak televizyon, yo di w misye se yon nèg ki bon. Depi yon nèg pase Sòbòn, Avad, Kolonmbya, Ayisyen panse misye se yon save. Se sak fè ann Ayiti, lè y ap pale de entelèktyèl tout bon, linanimite fèt sou Leslie François Manigat. Anvan mwen al pi lwen, mwen konsidere Leslie Manigat tankou yon gran diplome, yon bank konesans. Mwen pa janm tande yo pale de Manigat kòm yon nèg ki fè dekouvèt, ki kreye, ki fè enpak nan anyen, ann Ayiti. Mwen li tèz doktora Manigat ak yon dizèn liv li ekri, menm pa fin twò konprann gwo tit yo bay Manigat kòm pi gran entèlektyèl ayisyen. Ka Manigat a se yon ka pou n debat an lon e an laj pou de rezon. Premyèman, Manigat toujou panse se li ki pi konnen ann Ayiti, ke depi l pale, se fini. E, poutan Manigat jis gen kèk diplòm, li pa konn li twò byen pa rapò ak kèk gwo nèg ki make ventyèm syèk la. Gen kèk vakabon se voye yo voye yo monte, men gen nèg ki tèlman bon, ou pa ka pa li yo. Chak kontinan bay kèk nèg ke nenpòt moun ki konn li byen, ou pa ka pa li yo. Manigat pa nan lis la. Kòm pami avèg nèg ki gen grenn je di yo se wa, nan sans sa Manigat ka pi gran entèlektyèl ayisyen.

Dezyèmman, Manigat pa janm ka rive konprann wòl li kòm yon nèg ki fèt pou panse, epi pwodwi bon jan lide pou aksyon. Manigat pa janm ka konprann ke nan yon sosyete, lidè pa vle di dirijan politik. Ozetazini pa egzanp, gen nèg ki pa janm al nan eleksyon, yo pa eli, men nèg sa yo depi yo pale mal, peyi sa ka kraze. Lèw pran nèg tankou responsab federal rezèv, lèw pran kèk gwo pwofesè k ap pwodwi tankou fitiwològ yo, si nèg sa yo fè kèk deklarasyon sou dekouvèt yo fè, sa ka lage kouri nan lari a. Manigat al fè dezòd pran pouvwa nan magouy alòske destine l se pat pou l te prezidan, men edike yon jenès, li fè rebèl ak Bondye, gad nan ki salami li lage tout yon jenerasyon moun ki te ka benefisye bank konesans li ye a. Mwen menm touye m rache m nan lis entèlektyèl mwen an, Manigat pa ladan l kòm vakabon ki fè gwo dezòd nan politik ann Ayiti, an 1988, e ki kondesandan. Mwen ta renmen tout nèg ki se disip Manigat yo, ki pare pou touye moun tankou m ki kwè ke Manigat fè peyi sa plis mal ke byen, di m ki sa Manigat kontribiye nan domèn panse ann Ayiti. E, apre sa di m poukisa, yo menm ak Manigat pa simaye lide sa yo.

Mwen te gen chans jwenn yon seri pwofesè ke lemonnantye aklame, ki te pwofesè m, ki fè gwo enpak sou mwen e ki kite bagay pou amelyore lavi moun sou Latèbeni. Mwen ta renmen nèg ki aklame Manigat yo di m a klè ki sa Manigat ekri, fè pou l merite yon tit entèlektyèl, e menm pi gran entèlektyèl ayisyen kontanporen. Pandan m ap ekri tèks sa, mwen fenk aprann lanmò Daniel Mathurin, yon doktè ki fè anpil rechèch sou astroloji, jeyofizik, ak kilti endyen. Daniel Mathurin se yon entèlektyèl, si n konsidere definisyon Camille Loty Malebranche lan. Prediksyon Daniel Mathurin tèlman jis, misye mouri nan menm semèn wòch koumanse tonbe sou latèbeni. Lè m tande Daniel Mathurin k ap depoze, se yon bagay malè. Se pa yon nèg ki fè jefò pou l eksplike yon seri gwo fenomèn. Mwen pa janm bliye nan fen ane 90 yo, lè Daniel t ap pale nan Telemax de yon wòch k ap frape latè. Moun fè plizye semèn ap pale de wòch. Pat gen dirijan serye ki pou te pèmèt yon nèg konsa fè rechèch, e simaye konesans li. Nèg tankou Daniel Mathurin, ki pa espyon peyi etranje, fè plis pase vakabon k ap mache ak levit, pale franse yo. Si Ayisyen ka konnen ke Ayiti gen lò, ak lòt resous natirèl, se gras ak Daniel Mathurin k ap fè bri san l pa deranje moun ki toujou vle bloke l yo. Mwen sezi wè, asasen pat fizye misye tèlman li lage bonm konesans. Travay rechèch yon nèg konsa dwe pibliye. E, mwen swete ke madanm misye ap kontinye travay, e ap mete strikti sou pye pou Ayisyen kontribiye ak degouden yo genyen nan rechèch sa yo, paske nou dwe l sa. Yon nèg k ap pran tan l pou l ekri, pale, etidye pou pèmèt Ayisyen konnen sa yo ye, sa yo genyen, se yon bagay poun ankouraje.

Fòk moun sispann di tenten ann Ayiti. Zafè rele moun entèlektyèl sa dwe fini ann Ayiti. Se pandanm vin granmoun, m ap rann mwen kont kijan nèg sòt fè gwo bri ann Ayiti. Gen nèg ki pa menm ka eksplike yon reyalite apati teyori yo aprann, ki rele tèt yo gwo ekspè. Lèw tande nèg sa yo k ap bay definisyon tèm nan radyo, wa konnen se Bondye yo ye wi. Moun ap aplodi yo, men yo pa janm gen kouraj pou di moun yo pa fè sa. Nèg sa yo gen merit yo paske yon senplifye kèk bagay ki parèt ekstraòdinè. Men nèg yo mechan lè y ap fè konprann se yo ki pi bon nan yon domèn ke yo pa menm konnen. Lè nèg sa yo kanpe sou blòf, yo gen tandans detwi jenn ti gason ak fanm k ap fè gwo jefò pou yo briye. Mwen konn anpil nèg ke mons sa yo kase zèl yo ann Ayiti, e elimine tou. Jounen Jodi a, jenn ti gason ak fanm pa fouti jwenn bous detid pou al etidye. Gen yon responsab nan peyi Beljik ki di m ke Ayiti toujou ap refize bous detid. Blan sa eksplike m ke yo bay plizye bous chak ane ann Ayiti, men pa janm gen kandida ki vini. Lè m mennen ankèt teren, mwen wè se medyòk ki nan tèt inivèsite a k ap fè blokaj. Si yo pa gen ti fanmi, pitit, fanm y ap koupe, nèg y ap fè masisi ak yo ki kalifye pou ale, yo pap voye lòt moun. Bagay sa yo fòk nou denonse yo. Si m pat vwayaje pou m ap fè lese frape ak moun mwen te konn ap li nan gwo liv, mwen pa t ap janm konnen si m gen potansyèl poum vin yon pansè ki ka kreye, ki ka vini ak bagay ki nèf.

Wòl entèlektyèl ta dwe jwe ann Ayiti 

Pwofesè Jean Hamburger ki se papa syans ki okipe zafè ren, deja di nou ke moun ki gen gran entèlijans gen yo otomatis ki fè ke yo toujou òganize yo pou yo pèmèt kote y ap viv la òganize byen pou moun ka viv byen. Lè n pran tout nèg k ap fè bri ann Ayiti, ak sa k ap gonfle ponyèt yo ann Ayiti, n ap manden eskè Jean Hamburger fou oswa èske l fimen. Kouman fè tout gwo save yo ann Ayiti pa ka bay yon fòmil pou retire peyi a nan salami? Poukisa se gwoup malandren sa yo ki kontribiye a fè peyi a tounen yon peyi chawony? Poukisa ti peyi tankou Sendomeng ki pa gen tout resouzimèn Ayiti genyen ap mache plizoumwen, epi Ayiti nan salami? Bagay sa yo bay gwo tèt fè mal. E, mwen menm, sa te banm anpil kè sote paske mwen pat ka konprann sa k ap pase nan monn lan. Lèm rale teyori Descartes mwen pou m ap remèt an kesyon tout sam aprann, reyalite peyi m, reyalite m ap viv nan peyi etranje, mwen wè m ap viv tèt anba. Mwen mande èske se mwen ki fou oswa èske se sosyete a ki gen pwoblèm. He byen, mwen konnen mwen pa fou. E, m ap mande m èske sosyete a ka gen tout pwoblèm sa yo. Se lè mwen pran rekil ke m rive jwenn kèk repons ak kèk kesyon ki toujou frape lespri m: Kouman moun fou ann Ayiti fè pa mouri rapido presto nan bwè dlo rigòl, manje nan fatra, dòmi nan lari? Entèlektyèl lougawou, bann zobop pa manje vyann moun fou. Kouman fè dyab pa manje timoun nan lari yo ke yo rele “kokorat” yo? Mwen fè eksperyans dòmi nan lari ann Ayiti plizyè fwa nan ventèn mwen kote yo di dyab toujou pase nan nwit, mwen pran presyon wi, kouman fè moun fou yo pa janm enkyete?

Mwen te gen chans etidye sèvis sosyal ann Ayiti, e mwen te gen yon bon zanmi ki te sikològ, ki te konn banm kèk bèt. Mwen te konn pran bèt nan men kèk sikyat ann Ayiti. Plezi m se chita pale ak moun fou nan Pòtoprens. Mwen rankontre anpil moun yo di ki fou, k ap mache sal nan lari ke tèt yo pi dwat ke moun ki swadizan pa fou. Gen yon nèg ki te toujou nan kwen Ri Pave ak Rid la Reyinyon ki te fou, yon jou m ap achte yon pen ak ze, misye mande m achte youn pou li. Madanm nan kouri deyè l, mwen di manmi bay misye yon pen ak ze. Lè m vire pou m ale, misye di mwen Bondye ap beni w frèm. Mwen pa okipe misye, mwen ale. Kèk jou apre, pandan m nan zòn nan misye di m: patwon, ou pa gen anyen ou ka banm. Mwen se nèg ki pa janm neglije pataje sa mwen genyen, mwen di misye m ap pot yon bagay pou li. Te gen yon machann pate ki te konn vann pate Ti Seminè ki te rele Michel ki te konn achte pate l yo nan yon boulanje nan Ri Doktè Obri, ant Ri Pave ak Ri dè Mirak, mwen fè misye vann mwen kat pate, epi m achte yon foskawo nan boulanje a. Lè m tounen nan ri Pave, mwen bay misye manje a, epi m fè yon kanpe sou galri kay Desmangles lan m ap gade misye k ap manje. An pasan, sak toujou fè m gen kè sansib pou moun fou se paske pwòp manman m se yon moun ki gen pwoblèm mantal. Mwen toujou di tèt mwen si manman m ki jwenn swen ak sipò zanmi, fanmi, moun legliz ka fonksyone pou l fè edikasyon m, moun sa yo ki nan lari a, si yo te jwenn sipò, yo te ka rekipere. Depi m timoun, mwen toujou wè manman m al bay manje, rad, lajan Signo ak Bedèt. Sa toujou rete kòm yon prensip lakay mwen pou m tris lè m wè moun sa yo ap viv nan kondisyon sa alòske se moun yo ye.

Moun fou nan Ri Pave sa te toujou ap pale ak mwen, e pèmèt mwen reyalize ke gen anpil moun ann Ayiti yo di ki fou ki pa fou vre. Gen yon pawòl granmoun toujou di ki fèm panse: “Ou pran pòz fou w, pou w pa peye dwa”. Lè m amize m ap pale ak moun fou, mwen rann mwen kont ke gen kèk moun, se pwoblèm lavi, endiyasyon ki fè yo dezekilibre, epi kouri. Lè yo pa gen fanmi, yo ret nan lari, epi lè tèt yo vin dwat pa moman, yo reyalize li pi entèresan pou yo viv nan lari paske ap gen yon bon pwochen ki lonje men ba yo kan menm. Mwen rankontre kèk moun fou ki te pwofesè lekòl, ki toujou bay bon jan bèt sou Channmas. Poukisa mwen fè gwo rale sa, kite sijè wòl entèlektyèl la? Repons lan senp. Pifò moun k ap dirije Ayiti gen pwoblèm sichik pou m pa di fou paske foli se yon bagay ki kay tout Ayisyen. Anvan m mouri fò m fè yon etid pou mwen montre ke tout Ayisyen gen maladi foli a divès degre. Obsèvasyon m, lekti mwen fè sou maladi mantal pèmèt mwen dekouvri ke Ayisyen gen gwo pwoblèm mantal. Enpak esklavaj fizik, ak mantal fè ke n ap viv nan yon sosyete ki gen anpil moun ki pa stab.

Tout nèg ki rele tèt yo entèlektyèl ayisyen alyene. Kisa Ti Wobè di de alyenasyon? Ti Wobè 2013 la di ke “Alyenasyon se yon twoub mantal ki swa pasaje, swa pèmanan ki rann yon endividi inyore pwòp tèt li e sosyete l ap viv ladan l lan, e li pa kapab mennen yon vi sosyal nòmal. Lè m ap gade yon seri nèg k ap achte gwo rad Ozetazini, k ap achte gwo machin, epi k ap mache sou fatra, k ap respire kaka k ap brile. Lè m ap gade yon bann nèg k ap volè ann Ayiti, k ap bati gwo chato kay kote ki gen bidonvil, kote malere boule fatra, epi nèg sa yo ap respire la fimen fatra k ap boule pandan ke y ap pran plezi lakay yo, e inyore polisyon, mwen mande m èske nèg sa yo pa alyene? Paske to ou ta, y ap fini pa mouri de polisyon ki gen nan lè a. Mwen se yon pwofesè kreyòl, pifò elèv mwen se diplomat etranje ki ap rantre ann Ayiti al travay. Mwen gen anbasadè gwo peyi ann Ayiti ki te elèv mwen. Youn nan emisyon mwen fè elèv mwen yo tande se “Ranmase” sou Radyo Karayib (Radio Caraibes). Ou konnen lèm ba yo fè rapò lekti, ou konnen yo di m yo konprann poukisa Ayiti nan eta li ye la paske moun ki swadizan fòme yo pa menm ka dyaloge nan respè. Mwen fè yon kou tou ki rele “Cultural Awareness”. Mwen pa nan benyen kache lonbrit. Mwen eksplike yo byen nan ki eta peyi a ye. Men, mwen pa janm bliye di yo ke se kominote entènasyonal la ak pwòp peyi pa yo k ap mete Ayiti a jenou. Gen yon diplomat ki t ap pran pòz entelijan l avè m ki te ban m defi pou m pwouve ke peyi l mele nan kraze Ayiti. Mwen fè yon tèks trant paj bay misye ki se yon rezime sa gran entèlektyèl, dirijan peyi li di. Misye bat ba nan telefòn. E, podyab malere a; se yon jenn gason ki fenk fin gradye, y ap voye misye al pran batèmdefe li Ayiti. Mwen rete kwè ti nonm sa ap anbasadè kan menm yon jou oswa gwo zafè nan peyi l. Misye ap toujou jete kèk gwo moso vyann a kote ti moso pen y ap ban n. Mwen konvenki ke tout blan pa aplike politik peze souse ann Ayiti menm jan. Gen ladan yo ki gen yon “dis kòb konsyans”, menm lè y ap defann enterè peyi yo. Ricardo Seintefus ak Nigel Fischer se de moun konsa.

Ayiti nan salami paske moun ki swadizan entèlektyèl yo malad nan tèt. Sa ki pa malad yo, yo chwazi pou yo fè kòb yo menm. Ann Ayiti, moun ki bon jan entèlektyèl yo pa gen fòmasyon fòmèl. Mwen se yon ti landeng ki mache anpil ann Ayiti. Gen de kote mwen konn ap di moun mwen konnen, yo toujou mande m si m sèvi dyab. E poutan, mwen al kote sa yo sou envitasyon kèk zanmi ki moun zòn sa yo. Kòm etidyan nan lengwistik, lèm rive, mwen te toujou fè rechèch sou vokabilè, ekspresyon yo itilize. Mwen te toujou pataje sa ak kèk pwofesè. Se sa k fè malgre mwen te kite Fakilte Lengwistik Aplike, mwen te toujou gen pale ak dwayen an ki pat yon move nèg twòp, byen ke misye te otoritè, e misye detwi anpil nèg nan meskinri. Se Pierre Vernet ki fè  m vi n pote yon enterè a etidye konpòtman dirijan, nèg save ann Ayiti. Mwen pa janm ka konprann kijan fè yon nèg tankou Pierre Vernet ki bay vi li pou l fòme jenn moun, fè pwomosyon kreyòl, te konn afiche anpil fwa konpòtman retwograd. Obsèvasyon sa yo pèmèt mwen ekri yon liv ki rele “Pwofil entèlektyèl ayisyen” (Profil de l’intellectuel Haitien). Se yon ouvraj ki byen dokimante kote m pran lavi prive nèg yo ak vi piblik yo, epi mwen eseye degaje èske nèg sa yo viv vi piblik yo avèk menm prensip yo viv an prive, èske imaj piblik yo reflete vi prive yo. Mezanmi, pifò nèg save ann Ayiti se salami.

Li lè, li tan poun ankadre peyizan, otodidak ann Ayiti. Paske gen moun ann Ayiti ki pa kanmarad blan ki fè kou pou mwen nan inivèsite aletranje. E, anpil nan moun sa yo, se peyizan ki pa menm konn li. Si Ayiti te swiv direksyon ke pè fondatè yo te pran de 1791 jouk 1804, Ayiti pa t ap kote li ye la. Mwen fè yon semèn Gatino(Gatineau), Kebèk(Québec) nan mwa desanm ap fè rechèch sou vodou nan Mize Sivilizasyon Kanada (Musée des Civilisations), gen kèk bagay granmoun rakontem Ayiti, epi kapasite analiz mwen ki devlope nan inivèsite aletranje pèmèt mwen konprann, e konfime ke devlopman Ayiti andojèn. Ayiti se yon peyi blan pap janm ka konprann, e se yon peyi ki gen kapasite poul pwoteje tèt li poukont li. Ayiti pa yon peyi moun ka fè mal konsa konsa. Mwen te gen chans pale ak yon nèg ke Ayiti pa rive itilize kòm resous. Se yon nèg ki konnen Ayiti defontankonb. Misye rele Edmund Wade Davis ki bay Ayiti yon manman penba liv sou kesyon òganizasyon “Sosyete Bizango”. Se yon liv tout jenn ti Ayisyen ta oblije li. Se yon materyèl mwen li depi lèm nan klas filozofi. Se yon liv ki toujou bò tèt kabann mwen: “Passage of Darkness: The Ethnobiology of the Haitian Zombie, Chapel Hill, 1988).

Mwen fèt nan legliz pwotestan, e mwen fè chwa pou m mouri la. Men, si Bondye ban m vi m ap fè etid teyolojik kan menm pou mwen rive konprann kisa ki fè legliz Pwotestan ann Amerik di Nò rich, epi ann Ayiti se salami frè kretyen ap manje loskè peyi sa fè anpil krim, e gen anpil chanwony k ap fèt ladan l. N ap pwopoze yon modèl Krisyanis k ap anbrase Kalvinis, Kapitalis, Sosyalis, ak kilti peyi a ke vodou se yon eleman esansyèl. Gen kèk bagay Pè ak Pastè ap kache ki parèt etranj pou mwen. Rechèch mwen fè montre ke anpil Pastè ann Ayiti mason lòj. Epoutan, yo pa vle frè legliz rantre nan konfreri. Kisa bagay sa ye? Anpil Pastè legliz pral kay ongan, epoutan, nèg yo ap ankouraje moun kraze boutèy yo genyen. Lè m panse ak politik PapaDòk ki te kont vodou piblikman, ki fè kanpay rejete, men ki te fonsyèman vodouyizan. Lè m gade Pè Aristid ki pwofonde nan zafè sosèlri pou m pa di vodou, sa fè mwen reflechi anpil. M ap mande m si se mwen ki fou oswa si se manti a ki twò fò, twò konplèks ke mwen pa ka konprann. Gen kèk bagay mwen pa al chache, yo jis vini jwenn mwen. Gwo manti ke n ap viv la kòm Ayisyen jounen jodi a gen pou sispann. Verite a gen pouli pran lari granm jounen. Rara a ap lage yon jou, e zen ap pete ann Ayiti.

Pa dekouraje pou sa k ap pase la yo ; rete fèm paske peyi gen pou l chanje ; peyi a pral chanje. Se entèlektyèl ayisyen yo ki gwo pwoblèm peyi a ; e se yo ki nan konplo ak Blan rasis esklavajis masisi pedofil. Ayiti ap chanje, se lè chak grenn Ayisyen rann yo kont ke yo gen anpil vis yo dwechanje. Lè yo chanje, e pran angajman ede lòt moun fè chanjman nan vi yo ; peyi a va chanje.

Konklizyon

Ayiti gen yon bann diplome k ap pran pòz entèlektyèl yo, menm jan gen yon bann malandren k ap pran pòz moun serye yo. Se yon peyi ki gen yon bann moun ki gen maladi mantal. Se lè m janbe nan peyi Etazini m ap fè gwo etid pèsonèl sou sistèm fonksyonman, politik piblik peyi Meriken, m ap rann mwen kont ke Ayiti se yon peyi salami. Pwoblèm Ayiti pa ka rezoud san yon revolisyon kiltirèl. M ap gade kantite moun ki gen pwoblèm mantal Ozetazini, si moun sa yo te jwenn menm tretman malad mantal te jwenn ann Ayiti, peyi sa t ap pi mal ke Ayiti. Blan Meriken pi vyolan ke moun yo rele chimè ann Ayiti. Mwen kapab pwouve sa syantifikman. Etazini se yon peyi ki gen pi gwo sistèm sekirite nasyonal, ki gen yon elit ki responsab epi òganize. Se pa pyès Bondye ki fè peyi sa yon grann pwisans. Pwovidans ede, e mwen kwè sa. Men, moun anndan peyi a goumen anpil pou yo kote yo ye la. Lè w pran istwa peyi Etazini, se yon peyi ki fèt sou san. Se yon peyi ki fèt sou konsansis. Istwa peyi sa pèmèt mwen wè ki wòl yon konstitisyon ki se plan achitekti sosyete a jwe nan vi yon pèp. Si vrèman gen entèlektyèl ann Ayiti, si vreman gen Ayisyen nan monn nan ki save vre, fòk nèg sa yo ka goumen pou pèmèt peyi sa konstwi tout bon vre, menm nan yon pwoje 200 zan. Menm lè m rive viv 100 tan, mwen pap wè Ayiti Nouvèl la. Men, m ap wè fondasyon an, e mwen ka wè kèk blòk k ap monte.

Li lè, li tan pou Ayisyen sispann pale tenten, epi aksepte wòl entèlektyèl yo nan sosyete a. Mwen gen yon bagay k ap frape nan tèt mwen depi lè m fin tande Daniel Mathurin mouri. Mwen panse mwen pa kapab fini refleksyon sa san m pa di li. Daniel Mathurin pa yon ti gason. Misye akonpli misyon l soulatèbeni, men li pa gentan pibliye sa l konnen, dekouvèt li fè. Moun ki gen dokiman misye yo, moun ki konnen sa misye dekouvri yo, dwe pibliye rechèch sa yo anvan eleksyon fèt an 2015. Daniel Mathurin pat fouti mouri pa bal, e mwen swete madanm misye ap gen kouraj rakonte tribilasyon misye pase nan vil, kòm yon nèg ki chwazi pale de resous peyi a. E, mwen ta swete fanmi misye pa aksepte pyès dekorasyon nan men malandren. Daniel Mathurin se yon chwazi ki goumen pou li viv, ki bay yon mesaj ke vakabon goumen pou fè moun pa tande. Men, erezman, sajès misye fe mesaj la pase, e rive nan men chak moun ki dwe egzekite l, monte estrateji pou fè misyon sa ki nan men yo egzekite. Tout moun ki dwe bati Ayiti ap twouve yo menm kote yon granm maten, san goumen e san gwo jefò. Mwen rete kwè, e mwen di sa ak tout fòs nanm mwen ke pa gen pyès moun, pyès lame k ap ka bloke moun ki chwazi pou chita ansanm, reyini ann Ayiti pou travay sou plan achitekti peyi a. Mwen pa vodouyizan, men m gen anpil bagay lakay mwen ki se valè, prensip ke moun ki pratikan vodou tout bon respekte.

Ayiti se yon peyi ki gen tout sa l bezwen pou li konstwi tèt li: Bon jan sistèm òganizasyon Legliz Katolik genyen, ki fè moun respekte otorite; Gwo modèl demokrasi sosyal Kalvinis lan bay, ki fè peyi Loksidan yo viv byen; anpil bagay Vodou bay kòm rezistans, konbativite ak metriz lanati. Ayiti rive nan 200 zan, kòm peyi ki fonde pa yon bann “moun pye sal”, men ki pat san sal. Ayiti mete sou pye yon dyaspora ki gen tout resous pou li konstwi tèt li. Menm jan ak Jwif yo, Ayisyen gen pou leve kite peyi kote yo ye, pou yo tounen lakay yo. Ayiti ap konstwi sou modèl Izrayèl la. Gen Ayisyen k ap vin pwisan nan peyi kote yo tabli, k ap fè lobi pou Ayiti, e k ap voye sipò bay peyi a. Epi, ap gen nèg ki anndan k ap poze baz. Sendomeng ka yon Palestin si yo panse yo kapab mete baton nan wou nou. Mwen pap pale twòp. Men m ap mande tout nèg ki gen konesans pou yo fè obsevasyon sa, epi di m sa yo jwenn: Ayiti se sèl peyi soulatèbeni, Jwif ak Arab mete tèt yo ansanm pou pwoteje enterè yo san chire pit. Ayiti se sèl peyi kote gwo blan, gran peyi pa goumen pou pataje richès ak gwo zam fann fwa. Ayiti se sèl peyi sou latèbeni ki arive enfiltre peyi ki enmi l, epi pran tout sa yo genyen ki bon kòm konesans an mwen de 50 tan. Ayisyen pare pou yo konstwi Ayiti ak tout resous yo genyen. Moyiz Ayisyen an gen poul parèt, e n ap ranmase tout sa nou genyen pou n tounen. Dis tipiti kou kominote entènasyonal la pa kapab bloke destine pèp sa. To ou ta, zen gen pou li pete, ann Ayiti. Nigel Fischer se yon zanmi Ayiti. Se mwen ki di sa. Ti blan fòme, je chèch pap riske vi yo fè gwo deklarasyon konsa.

Daniel Mathurin toujou ap pale de wòch k ap frape latè kòm Ayisyen ki pa fè gwo etid jeyofizik, nan pyès gwo inivèsite, li mouri nan menm semèn yon wòch manke frape latèbeni, e menm semen yon ti wòch toupiti souke peyi Larisi. Denyè mesaj Daniel Mathurin ekri sou entenèt di konsa:

From:GinettePM<gpmconsultant@yahoo.com>
Date:2013/2/15
Subject: Le bal commence avec les météorites et les astéroïdes 2013 à 2032
To: Daniel Mathurin <docdanielm@gmail.com>, tamara m <tamy_m22@hotmail.com>

Armons nous de force et de courage car ce sera pire que les séismes

Ginette p. Mathurin

Si kominote entènasyonal la panse li ka bloke mach pèp Ayisyen vè latè pwomiz, y ap konnen gwo pèt. Dis plè dejip yo ap twò piti. Nèg ki fè gwo etid metafizik yo dwe pale pou yo di kisa Ayiti reprezante nan listwa limanite e ki kote Ayiti pral kòm ti peyi. Anpil nèg ap pran pòz y ap sèvi Bondye, men se chache y ap chache nèg ki gen gwo lespri sou yo pou yo kraze yo.

Izrayèl = Ayiti= menm konba= renye sou limanite.

Nèg ki nan lòj yo, nèg ki pratike ezoterik yo, Kretyen Pwotestan, Pè Katolik, Vodouyizan, jwèt pou nou.

Ayiti pa yon ti peyi, e lemonnantye konn sa. Blan pap fouti pran peyi sa nan men nou. Menm Bondye Izrayèl la, se li ki bann peyi sa anneritaj. Se pa konsa konsa, yon gwoup wa ak Pitit wa soti nan Lafrik pou vin tabli yo nan kè Atlantid. Daniel Mathurin dekouvri yon bagay ki manke dekontwole l, men li rive pale pawòl la. Listwa ap fè wout li. Mwen mete tout vakabon k ap pran pòz entèlektyèl yo, an defi pou yo di m si nan tout peyi ki soti nan Lafrik, si se pa Ayiti ki bay plis save nan lemonnantye. Moun ki gen lajan dwe fè rechèch sou dyaspora peyi Dayiti, y ap rive konprann ke se sèl peyi yo di ki Izrayèl la ki rive bat nou, apre sa pa gen pyès lòt peyi sou latèbeni ki ka egale nou. Gwo blan pral resi wè kote nèg nwa se mèt linivè tou.

Kerlens Tilus           05/09/2021

Snel76_2000@yahoo.com

Tel : 631-639-0844

3 COMMENTS

  1. Mwen pa menm konn li. Men, mwen toujou fè efò sou gougèl jis poum jwenn sa ou menm, kise: Kerlens TILUS ekri.
    Se byen domaj nou pa gen menm nivo, nou pa rekonèt non plis. Men map remèsyew pou gwo sakrifis ke wap fè. Ou chèche bagay pou vin fè anpil moun ki vle li, konnen enpòtans peyi nou, moun nou genyen lakay nou tou. Map viv nan peyi brezil, nan vil são paulo, mwen pa janm fin santim alèz paske mwen santi se lakay pou mwen ta va ye. Men, kòm sitiyasyon lavi a pafwa konplike, mwen oblije pwan kouraj poum rete kay moun. Pafwa mwen konn santi mwen san lespwa, men kou mwen rankontre ak yon tèks ou, ke seswa nan lang fransèz ou kreyòl, mwen santi mwen jwenn yon gran soulajman. Mwen pwal konpli 30 lane nan 30 jwiyè nan ane sa, mwen santi pafwa se kèm kap rache pou fason mwen wè ayiti ap dewoule. Mwen konn mande BONDYE Padon, paske mwen konn di pito mwen pat fèt.
    Mizè se pi gwo byen ayiti posede depi nan tan lontan. Men poukisa gwo makak kap dirije yo pa pwan konsyans de eta peyi yo? Yo toujou gen foli vwayaje, yo wè plizoumwen kòman lòt peyi yo ye kanmenm. Men poukisa yo pa eseye fè yon ti efò? Mwen konn tèlman panse, mwen konn anvi vomi pafwa e ta sanble sa vrèman aji sou mwen.
    Saw ekri yo plen lespwa ak lavi ladan yo. Mwen ta toujou anvi kontinye li sa wap ekri. Bon kouraj!

    • Frè pa m; pa dekouraje paske gen yon Bondye lavi ki se Kreyatè nou e ki kreye tout sa ki egziste nan Linivè. M ap viv Ozetazini, mwen fè anpil etid; men, se nan chagren m ap viv paske m pa fouti manje yon plat manje yon sèl kou paske lè m ap panse ak ti jeunes k ap soufri, timoun k ap pase 3, 4 jou san manje, fanm y ap vyole, grap moun y ap kidnape; sa banm pwoblèm. Mwen pap janm ka gen ase kòb pou m ede tout moun; menm kwè Kreyatè m nan dwe m tout sa m bezwen; men, mwen dwe respekte règ jwèt la li tabli nan LABIB, tankou liv Detewonòm 28. Ti frè, mwen gen 45 kan; menm gen espwa anvanm gen 50 tan, Haiti ap sou wout chanjman; n ap fè 180 degre a. Lè jou fèt ou rive; chaje Bib Kreyòl la sou Google; li Sòm 1, 7, 8, 20, 21, 23, 27, 28, 30, 37, 48, 50, 51, 71, 78, 86, 91. Frè m, nou tout nan menm bato; menm lè nou deyò, nou nan strès paske lè yo kidnape yon pwòch nou, fòk nou debouse nou; fòk nou travay pou nou voye lajan Haiti pou tout bagay. Annou fè yon chenn solidarite nan lapriyè pou Mèt Linivè di yon mo pou nou. Kenbe fèm, pa lage; viktwa se pou moun ki vle viv e k ap goumen pou yo mache dwat e respekte lavi.

  2. Mwen pa rekonet mesye yo rele Kerlens Tilus lan .mwen pa konn si misye se yon entelektyel, men sa m ka di se ke li gen bagay nan tet li. Kontinye ekri bel teks konsa pou mete limye ak louvri je moun tankou m yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.