30 novembre 2025
7 fév. 2021 – Départ ordonné de Jovenel Moise : il incombe à Lambert d’en faire l’annonce à la Nation ainsi des dispositions arrêtées pour la continuité de l’Etat, confie Patrice Dumont
Actualités Pages d'Histoire d'Haiti Société

7 fév. 2021 – Départ ordonné de Jovenel Moise : il incombe à Lambert d’en faire l’annonce à la Nation ainsi des dispositions arrêtées pour la continuité de l’Etat, confie Patrice Dumont

Port-au-Prince, samedi 6 février 2021 ((rezonodwes.com))–

Pòtoprens, 6 fevriye 2021

Nòt pou laprès

Mwen patisipe nan yon konferans kòl yè vandredi apremidi, plis yon reyinyon je nan je samdi maten jodi 6 fevriye a, tou 2 avèk senatè yo sou inisyativ prezidans sena a pou nou te jwenn yon konsensis sou verite-reyalite fen manda prezidan Jovenel Moïse.

Aprè 2 egzèsis sa yo, prezidan Lambert gen reskonsablite pou l fè pèp la konnen kisa ki pozisyon Sena a sou konjonkti difisil nou menm ayisyen nou viv nan semèn 31 janvye -6 fevriye sa a.

Kanta mwenmenm, Senatè Patrice Pp Dumont, m ap redi sa m ap di depi dikdantan: manda Prezidan Jovenel Moïse fini demen dimanch 7 fevriye 2021 an. Jedi 4 fevriye a, mwen te remèt yon pwopozisyon pou prezidan Sena a ki rele Akò Kadripatit.

Akò sa a se pozisyon mwen pwopwoze sena a pou l adopte sou zafè fen manda prezidan Moïse la. Likonsène tout Fòs politik opozisyon yo, Kowalisyon Aktè Sosyete Sivil la, 18 Bawo peyi a, ak Sena Repiblik la. Nan kad akò sa a, tou 4 pati yo gen pou aji ansanm pou depa òdone Prezidan Moïse, epi òganize Gouvènman Pwovizwa ki dwe dirije peyi a pandan 2 zan. Akò sa a genyen pi fò aksyon politik ki dwe mennen pou bonè pèp ayisyen an.

Tem tou di pèp ayisyen an, li pa pou kont li nan konba sa a. Anpil enstitisyon spirityèltankou layik bòkote l. Anpi l pwofesyonèl, entelektyèl menm jan. Anpilfòs politik se pi rèd. Se bèl bagay! Tout sa etranje ka di nan koze nou, nan yon sans ou yon lòt, nou rekonèt yo dwa sa a, menmjan noumenm Ayisyen, nou pale nan tout sa ki enpòtan pou limanite.

Pa egzanp, nou te kondane asasina George Floyd la, e nou te felisite viktwa Joe Biden nan dènye eleksyon prezidansyèl ameriken an, pandan nou te kondane anvayisman Kapitòl la Prezidan Donald Trump te ankouraje fanatik li yo fè.

Finalman, enstitisyon Etazini yo, tennfas, bay konstitisyon ameriken an laviktwa. Enstitisyon ayisyen yo tou ki bay dizon yo sou fen manda Prezidan Jovenel Moïse la 7 fevriye 2021 an dwemennen aksyon pou apiye pozisyon patriyotik sa a.

Nou wè li, konpatriyòt ayisyen, nou bezwen tout kominote entènasyonal la! Se règ jwèt entèdepandans la, men desten nou nan men nou.

Nou libere deja, Ayiti dwe bèl.

Patrice Pp DumontSenatè
Repiblik laSamdi 6 fevriye 2021

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.