12 JANVYER 2010 – 12 JANVYE 2017 : Omaj a 300 mil viktim tranbleman de tè

2
2023

12 JANVYER 2010 – 12 JANVYE 2017 : 7 lane deja! Omaj a 300 mil viktim tranbleman de tè 12 janvye 2010 la

MESAJ GWOUP ENTÈ RELIJYE, OGANIZATÈ 3 jou priyè 12, 13, 14 fevrye 2010, Chann Mas

Sa fè 7 lane depi frèn ak sèn yo te disparèt nan gwo katastròf tranbleman de tè a, kote plis pase 300 mil moun mouri, 1 milyon 200 mil moun te anba tant. Nou pap janm bliye sila yo ki ale, paske, yo toujou vivan nan kè nou. Doulè ak soufrans toujou nan nanm nou. Aprè tranbleman de tè a, Letènel te pase pa anpil pitit li pou l te mande pou tout moun ki kwè nan li, fè yon sèl, kelke swa relijyon yo, pou rasanble pendan 3 jou nan la priyè. Li te pwomèt pou l te seche dlo nan je pèp aysyen ke li renmen anpil, men ki sot pase anba gwo eprèv. Se pa yon maledksyon ki tonbe sou pèp bondye renmen an, jan tout moun vle fè kwè l, se move chwa nou fè ki antrene dezas sou dezas.

Gwoup Inter Relijye a te rive mete tout Relijyon ansanm et reyini plis pase 1 milyon moun sou Chann Mas pou l te reyalize kokenn chenn aktivite priyè sa a pandan 3 Jou. Letènel te pase pa mesaje l yo pou l te transmèt tout tèks ak mesaj, ki te delivre jou sila a.

Lendi 12 janvye 2015, Letènel mande POU JOU SA A SE YON JOU PRIYÈ AK REFLEKSYON, PRIYÈ pou frè ak sè ki mouri, …REFLEKSYON sou nouvèl oryantasyon pou nou bay peyi dayiti pou nou konstwi pi byen, pou tout moun kapab jwenn yon kay pou yo rete, pou yo ka viv kou moun tout bon, pou nenpòt ki ti katastròf pa voye yo ale nan peyi san chapo. Se pou sa nou kwè fòk gen yon gwo rasanbleman ki pou fèt kote pou nou pran desten nou an men, pou nou fè chwa sosyete nou vle kite pou jenerasyon kap vini an.

Gwoup Entèreligye a pwofite moman sa a pou l raple ke « forêt Souvenir » ki te inisye 26 Mas 2010 nan Titanyen, sou tè Pè Jean-Marie Vincent, gwo chabrak ki pa renmen pòv yo, anvayi l, pou yo bati waf ak vilaj prive, san respè pou memwa mò nou yo.

Gwoup Entèrelijye a koube li byen ba, pou l salye kouraj pèp Aysyen ki sipòte la penn, soufrans ak tribilasyon. Li raple ke se nan adorasyon ak lwanj, pwomès Letènel te fè nou pou nouvèl Ayiti ya vin yon reyalite tout bon vre. Pou Gwoup Entèrelijye Reveran Pè Frantz Grandoit Frè Franklyn Armand Mireille B. Lherisson

2 COMMENTS

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.