Malgre tout pwomès gouvènman an, toujou gen goumen nan ponp gaz Pòtoprens

0
1445

Lendi 4 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Pandan tout sezon fèt la, se yon maswife Ayisyen te pase pou jwenn ti gout gazolin pou mete nan machin, moto, jeneratris, elatriye pandan blakawout blayi anpil kote epi fatra tounen abdenwèl nan tout kwen lari nan Pòtoprens.

Depi plizyè jou, responsab BMPAD la, Ignace St-Fleur, pa sispann klèwonnen pa gen pwoblèm gaz epi anonse bato gaz ap rive touswit pou pa gen rate.

Tout se te pawòl. Nan jou 2 janvye a menm, foto sikile sou tout rezo sosyo, bato gaz antre, moun delivre.

Men jouk jodi 4 janvye nan aprèmidi, goumen toujou ap fèt nan kèk ponp gaz e galon esans la toujou ap vann 17 wotè nan mache nwa. Operasyon galon jon yo toujou la. Bagay yo toujou mangonmen.

Sak pi rèd la, DG BMPAD Ignace St-Fleur, pa pè ni krent pou li deklare se konsa sa toujou ye nan fen lane. Se pa fòt yo, se paske moun yo konsome plis gaz e leta pa gen kote pou estoke plis gaz.

Alatrakapapa.

Finalman, dirijan pa bò isit pa pran sitwayen ayisyen pou po patat. Yo di sa yo vle, yo fè sa yo vle. Y ap byen pase, byen mennen epi lage tout yon popilasyon nan trennen nan malmennen.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.