Larisi ak Kiba bat bwavo pou jan eleksyon yo pase nan Venezyela

0
1333

Lendi 7 desanm 2020 ((rezonodwes.com))– Peyi Larisi fè gwo lwanj pou jan eleksyon pou lachanm yo te pase dimanch lan nan peyi Venezyela.

Gouvènman Larisi a te voye yon ekip al founi je gade kòman eleksyon yo t ap pase.

Pou Moskou, egzèsis elektoral nan Venezyela a pi responsab e dewoule yon fason ki pi transparan pase sa ki fèt nan lòt peyi ki konn bat lestonmak yo pou fè kwè yo se egzanp demokrasi nan monn lan.

Nan yon kominike, minis Afè Etranje Larisi a, Sergueï Lavrov, deklare  »Nap pati sou prensip ke Lachanm tou nèf sa, se yon teren (…) pou yon dyalòg konstriktif ant tout fòs politik yo ».

Tankou Larisi, peyi Kiba met chapo ba devan viktwa revolisyon ak pèp Kiben an.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.