Prezidan manda preske fini an anonse Kanaval nasyonal 2021 ap fèt nan vil Pòdepè 14 rive 16 fevriye

0
1502

Kowona ak ensekirite ap feraye, Prezidan ap mande moun rasanble nan kanaval

Lendi 7 desanm 2020 ((rezonodwes.com))– Prezidan Jovenel Moïse, nan yon laviwonndede li te fè nan Nòdwès wikenn sa, deklare kanaval nasyonal 2021 an ap fèt wèpawè e se nan vil Pòdepè tout festivite yo ap dewoule.

Prezidan rejim Tèt Kale 2 a pa pè pa krent li mete dat kanaval la ant 14 ak 16 fevriye, sa vle di yon semenn apre dat 7 fevriye konstitisyon, an nan atik 134.2, ba li pou remèt pouvwa a.

Nan sans sa, Jovenel Moïse pwomèt moun Pòdepè l ap degaje l kou Mèt Jan Jak pou asfalte wout Twarivyè a pou banbòch la ka pi byen òganize.

Anpil moun nan laprès di yo sezi tande deklarasyon Chèf leta a, ki pa menm ka konbat ensekirite, nan moman plizyè gang ap feraye rèd keseswa nan vil Pòdepè, men tou nan plizyè komin ki tou pre yo tankou Senlwidinò ak Jan Rabel.

Anplistou, depi kèk jou, ministè kilti ak ministè sante piblik lanse gwo pinga pou tout rasanbleman paske dapre yo kantite moun ki ap trape viris kowona a ap ogmante ak anpil vitès.

Kredi Foto : Paj FB Ministè Kilti Cherisfort Foto

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.