Doktè Dunois Erick Cantave : estrateji an dwe chanje pou pèmèt revandikasyon popilasyon an triyonfe

0
1379

Vandredi 4 desanm 2020 ((rezonodwes.com))– Nou pa kwè nou bezwen pèdi tan nan analize pozisyon flou, anbigi, ipokrit, depatman deta ameriken ki pap chanje liy fasil pandan li finn sipòte volè, asasen ak enkonpetan sou pouvwa an Ayiti.

Se la enterè yo chita. Menm bagay pou sak rele tèt yo « core group » la ki se yon pwolonjman yo. Se konsa yo deside ekzèse pouvwa enperyalis yo an Ayiti. Yon lòt kalite pozisyon sendika anbasad silaa tap etone nou anpil…

Nou dwe konnen pèsonn pap vinn fè chanjman pou nou ni devlope peyi pou nou. Atantis ki anvayi sèten gwoup ak moun nan « opozisyon »an kap tann Biden-Obama-Harris- Clinton vinn chase Jovenel Moise-Martelly pou yo ap demobilize popilasyon an opwofi oligachi a ak estatikwo a.

Se « infantilisme » oubyen defo ankraj ideyolojik ak lespri tradisyonèl ki bay move lekti saa ki anpeche yo fè sakrifis ak depasman nesesè pou akonpaye veritab batay pèp ayisyen an.Lespri tradisyonèl saa ak « xenophilie » kap debòde a anpeche yo panse peyia yon lòtjan.

Yo refize chanje linèt politisyen ak oligachi tradisyonèl ki nan je yo a. Lespri saa ka rezime nan yon fo pragmatis-opotinis ki di se « blan », legliz ak lame ki kapab bay pouvwa nan peyi dayiti. Nan lespri saa yo mete pèp la deyò jwèt la pandan yo kenbel nan diskou yo …

Avèk lespri eskleroze, paseyis, tradisyonèl silaa nou pa dwe atann a okenn chanjman sistèm vre. Yap mande menm sistèm lan pouvwa pandan yap di yo vle chanjel. Kidonk yo se egare ! Alatrakapapa ! Yo refize mete yo dakò sou Yon pwogram nasyonal, Yon lidèchip kolektif, konpetan, kredib pou oryante, pou kondwi yon vre tranzisyon ki pou mennen nan yon veritab chanjman sistèm.

Nan kafou silaa genyen yon gwo pann pratik ki paka rejwenn teyori a paske pifò te panse diskou a tap ase pou amòse chanjman an. Yo te souzestime kapasite rezistans sistèm lan ki riske fè yo leve 8 fevriye avèk yon diskou fatige ak de modòd san anpriz sou reyalite a…

Li ta, men li pa twò ta pou nou chanje, pou nou korije estrateji nou pou ka pèmèt revandikasyon popilasyon an triyonfe. Laa map pale ak sa ki sensè yo. Si se pa sa, nan vye batay mesken pou lidèchip silaa, nap pote gwo responsabilite nan konsolidasyon pwogram fachis retrograd kap ekzekite koulyea kap fè listwaa bege.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.