Daly Valet : Biden ak Trump!

0
1141

Biden ak Trump !

Madi 10 novanm 2020 ((rezonodwes.com))– Mwen tande yon dividal kannannan k ap di sou radyo ou byen ekri sou rezosyo ke kelekswa moun ki ta eli nan eleksyon prezidansyel amerikèn yo sa pa pa p gen konsekans sou Ayiti…

Adye Bondye !Moun yo pa konnen ni konprann anyen nan listwa ni nan politik entenasyonal epi yo fin awoyo ap radada sou sa yo pa metrize.

Sa k pi grav la evidans resan yo la devan je yo depi lè Ronald Reagan te mande Jean Claude Duvalier pou l kite pouvwa a.. depi lè Clinton te fè yon lame militè mennen Aristide retounen sou pouvwa a…depi lè menm Clinton sa yo mete Martelly sou pouvwa a….e depi lè anbasad ameriken ap soutni diktati prezidan Jovenel la.

Malgre tout fè istorik sa yo palèlè yo kontinye ap montre yo pa konprann anyen nan anyen.

Mezanmi pa gen okenn prezidan etranje ki ka chanje Ayiti. Men konsa tou yon prezidan ameriken ka yon bon alye pou ede Ayisyen chanje Ayiti an byen. Konsa tou yon prezidan ameriken ka yon pikankwenna ki anpeche peyi a mache byen.

Biden ou Trump, sa k ap pase Etazini an la nan moman an konsenen Ayiti ak tout Ayisyen de prè.

DV

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.