Daly Valet : Tonton Sam toutouni !

0
1556

Mèkredi 11 novanm 2020 ((rezonodwes.com))– Mezanmi pwoblèm pa p fini. Pou gen 70 milyon ameriken ase deranje pou yo al vote mouche sa ?

Sa k pi grav la, plis fanm, plis nwa, plis latino, plis masisi, plis madivinez vote mesye a ane sa ke nan eleksyon 2016 yo. Poutan mesye a rayi e maltrete yo tout nan langaj li ak aksyon l.

Bon, kijan pou gen Ayisyen nan Florid ki pèdi lòlòy yo ase pou yo al vote mouche sa ? Pèmèt mwen di nou sa nou menm Ayisyen ki poze kalte aksyon malouk sa : sèvo nou fòkòp ! Nou merite tretman.. Si nou pa apresye pwòp tèt nou lòt moun pa ka respekte nou ni apresye nou.

70 millyon moun vote mouche a ? Bondye papa m ! M bwè pwa. M pa etone non men mwen choke. Sa vle di , mwatye nan elektora ameriken an pa gen pwoblèm ak rasis, bigotri, zenofobi, omofobi, mizojin, popilis demagog ki pa respekte ni lalwa ni règ jwèt demokratik la ?

Peyi sa resi montre vrè vizaj li li t ap kache a. Se kòm si m ta di w nan yon azil chaje moun fou, youn ladan yo pran lari a toutouni ap kraze brize epi rès moun fou yo pran lari toutouni menm jan ak li ap kouri dèyè l, bat bravo pou li e kraze brize menmn jan ak li. Gade koze k ap pase kay Tonton Sam mesye .

Tonton Sam toutouni nan lari a ak tout neve ak nyès li yo ki adore l tankou Pè Letenèl . Ezekyèl yo wè w. Nou ka konprann kounye a pou ki rezon Tonton Sam gen tout tolerans sa e bay tout api sa yo pou lòbèy pouvwa anplas la an Ayiti ap fè kont lavi moun, kont lalwa ak kont Konstitisyon an. Dezomè Tonton Sam sipoze pe bèk li nan koze demokrasi Ayiti ak lot peyi.

Dye mèsi gen yon lòt 74 milyon elektè ameriken ki deja montre yo gen tèt drèt, yo gen karaktè moun e ke yo konprann yo pa ka gen nenpòt demagòg pou dirijan siprèm yo. Konplo bon moun toujou pi fò pase wanga malfektè.

Tonton Sam toutouni ! Men se yon bon bagay ke mouche a pran nan zizirit ! Lemond bezwen plis desans nan politik. Etazini ak Ayiti sitou…nan moman an.

DV

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.