Daly Valet : 20 janvye ak 7 fevriye 2021 !

0
2076

Dimanch 8 novanm 2020 ((rezonodwes.com))– Pèp ameriken an repran diyite l ak karaktè l apre l fin vote pou l mete atè do mouche demeplè rasis, sinik sa. Mesye sa se te yon menas, yon danje pou lemond antye ak pou sivilizasyon demokratik la.

Rete pou nou derasinen toupatou sou latè lide rasis li yo ak lide otoritè li yo ki te bay anpil diktatè sou latè van pou yo ale Lagonav.

Batay kont rejim òlalwa yo dwe kontinye sou teren an an Ayiti. Fok nou jwen yon jan pou n jwenn bout diktatè yo ou byen ti diktatè apranti pa bò isit. Nou dwe angaje ak moblize nou nan lide ak aksyon pou derasinen tout malfini, tout karankou, anfèt tout move zwezo jenerasyon Clinton ak Trump yo lage pou anpwazone politik peyi Dayiti, lavi demokratik ak demantle enstitisyon repibliken yo ki defini nan Konstitisyon an.

Pep ameriken an jwenn fason pou l jere demeplè li a. Ayisyen dwe jere demeplè pa li a ou pa li yo.

Koudeta sa kont  » Cour Supérieure des Comptes » pa dwe pase. Si li pase tout lòt bagay grav ou pi grav ap pase.

Joe Biden deja ap prepare anpil dekrè pou redrese eskanp figi Repiblik la Ozetazini e efase bann mezi ensanse mesye rasis la te pran yo. Pandanstan an Ayiti we dekrè sou dekrè k ap pran pou dekonstonbre Repiblik la pi plis chak jou.

Apre sounami ak delij Tet Kale a, se tout peyi ak tout enstitisyon yo Ayisyen ki pral obije remanbre oubyen refèt.

Si dega admnistrasyon bosal ki fenk pedi pouvwa a Ozetazini fè yo te anpil, dega ti pwoteje mesyedam Washington sa yo an Ayiti pi plis, pi rèd e pi bosal toujou.

Pèp ameriken an gen randevou 20 janvye 2021 ak mesye yo a pou l kite Lamezon Blanch san bri san kont. Pèp Ayisyen an li menm gen randevou 7 fevriye 2021 ak mesye pa yo a pou l kite Palè a wè pa wè, san bri san kont ou dimwens kit se ak bri kit se nan kont.

DV

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.