Asasina responsab sekirite Senatè Youri Latortue : Opozisyon an di  »Se twòp atò! »

0
1500

ASASINA RESPONSAB SEKIRITE RAPWOCHE SENATÈ YOURI LATORTUE, SE TWÒP ATÒ !

Madi 13 oktòb 2020 ((rezonodwes.com))– Nou aprann ak konstènasyon yon seri endividi chaje ak zam fann fwa sot fè yon atanta kriminèl ki koute lavi Elias Erick Diogène (Alias Ricot), Responsab sekirite Senatè Youri Latortue epi Dieusel Duprat ki blese grav anpil, yon anplwaye Senatè a ki kounyea ant la vi ak lanmò nan sal operasyon.  

Atak la pase nan Delmas 64 tou pre biwo senatè a. San manman yo te vini klèman pou touye tout moun ki te nan machin an.  Se paske Senatè Latortue pat ladanl ki fèl pa viktim tou. Se plis pase 27 douy bal yo ranmase atè a apre egzekisyon sa.  

Kounyea nèg yo deside pase yon lòt vitès.  Yo soti pou elimine fizikman dirijan opozisyon yo.   Eske sak pase a se ti aksidan Prezidan te menase ki ka rive tout moun ki kanpe anfas li yo ?  

Yo kòmanse pa senatè Youri Latortue yo rate li.   Nou pa konnen kiyès ki sou lis yo apwe sa.  Yo lage asasen nan vil la pou kontinye touye moun. Yo touye Mèt Dorval. Yo egzekite etidyan Grégory Saint-Hilaire anndan lakou yon fakilte.   Pati politik ki nan opozisyon an ap di kòmanditè asasina sa yo, yo pap janm ka touye nou tout.

 Kalte atak sa yo olye yo fè nou pè oubyen dekouraje nou, se plis detèminasyon sa ban nou pou nou kontinye mennen batay la pou chanje mòd dirijan nou gen nan tèt peyi a, paske yo montre yo pa ka fè djòb la, yo pa ka asire sekirite pèsonn. Zak sa montre nou li ijan anpil pou yon bagay chanje tout bon nan peyi nou an. 

Pati politik ki siyen nòt sa a ap di tout moun nan peyi a, Ayisyen tankou etranje ki gen tantasyon fòse demokrat ayisyen yo kouri al fè eleksyon nan yon klima konsa, nou pap pran nan presyon sa yo. Se pa paske nou angaje nou nan politik ki vle di nou gen vokasyon pou nou kite vakabon fè ladènye sou nou tout tan.  

Degradasyon nan zafè sekirite nou konstate depi kèk tan ki tradwi sou fòm masak, asasina, kidnapin, dwe fè tout konpatriyòt nou yo pran konsyans fòk yo leve kanpe pou di pouvwa non se twòp atò. Bagay sa pa ka kontinye.  

Pati politik yo ap voye kondoleyans ak senpati yo bay fanmi ak zanmi Ricot, epi tout kamarad pati AAA yon fason espesyal pou Senatè Youri Latortue.  Ya priye Bondye pou sove la vi Dieusel Duprat. Nap sezi okazyon an pou nou di senpati nou ak tout frè ak sè nou yo ki viktim kidnapin e ki tonbe anba bal bandi ak tout bandi legal yo.

Pòtoprens, lendi 12 oktòb 2020

Pou Pati politik yo ki nan opozisyon an:
Edmonde Supplice Beauzile PFSDH (FUSION)
Edgard Leblanc Fils OPL
Génard Joseph Verite
Kenol Mathieu Veye Yo
Youri Latortue AAA
Paul Denis INIFÒS
Nenel Cassy SDP
Sorel Jacinthe INITE


LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.