PNH|Fantômes 509 ne se laisse pas intimider par l’IGPN et annonce que son mouvement prend fin après pleine et entière satisfaction

0
1687

Nouvel ultimatum de fantômes 509. Le PM de facto a 48 h, à compter de vendredi, pour ordonner la relaxation du policier Jean-Pascal Alexandre

Fantômes 509 se dit très soucieux et apte à « assurer la sécurité de la population » victime des actes des bandits et des gangs G9 pro-Jovenel Moise.

Le haut-état major de la PNH n’a pas besoin de chercher midi à quatorze heures pour identifier des policiers membres de Fantômes 509, la bête noire du DG illégitime de la PNH et du régime autoritaire de Jovenel Moise. Ils s’identifient eux-mêmes à travers un communiqué reproduit ci-dessous…

Samedi 19 septembre 2020 ((rezonodwes.com))–

Kominike ! Kominike !

509 fantom ap salye laprès an jeneral, e nap salye premye minis lan ak tout pèp ayisyen an.

Nou adrese nou direkteman a PM Jouthe JOSEPH ki Sanble konprann fistrasyon ak volonte nou genyen pou nou sèvi peyi nou kontrèman a Wo komandman an ki panse trake,transfere e pouswiv an jistis de sitwayen kap mande yon lot kondisyon lavi pou yo asire avni yo ak avni fanmi yo sete bon desizyon.

Nou menm polisye Fantom 509, se sou kont papa bawon ak Ogou Feray nou ye e se yo kap telegide n, pou n travay pou polisye vivan yo ak pèp ayisyen an rale yon souf anba mizè ak ensekirite kap toupizi yo chak jou. Pandan otorite peyi nou pa sispann pase revandikasyon nou Anba pye, revandikasyon sa yo nou pap lage yo a nenpot ki pri: trayizon, lanmò oubyen entimidasyon, nap kanpe lè revandikasyon nou yo jwenn satisfaksyon toutbon vre.

Maten vendredi 18 septanm nan polisye Fantom 509 ap fè nou konnen kelkeswa grenn polisye yo atake yap annafè ak tout rès la « depi nou manyen yon gèp nan nich lan nap annafè ak tout.

Polisye Fantom 509 pap rive chita avè w bò tab dyalòg la, sa se wòl sendika a. Nap fè w konnen revandikasyon yo e premye sa pou fè, pou moutre nou bòn volonte w, se libere Jn Pascal Alexandre san kondisyon, aprè, satisfè revandikasyon polisye vivan yo kise viv tankou moun e respekte dwa yo ak revandikasyon pèp la.

NB : *Nou pa nan politik men lè pèp la gen lafyèv se kò ajan yo ki cho ; lè pèp la gripe se nou menm Fantom 509 ki dwe touse pou leta ka konnen polisye yo ak pèp la malad yo dwe wè doktè.

PM Jouthe JOSEPH pran responsablite w. Nou ba ou 48 tèd tan pou libere Pascal e pase sou tab dyalòg la e tab dialog la se desizyon wap pran pa medya ou yon ak Sendika polis la kise SPNH-17 paske pasyans Fantom 509 la gen limit.

Mèsi pou bon sans ak bon konprann ou.

Fantom pa konn reyini sou tab dyalog ak vivan e si polisye yo fè apèl a nou se paske dwa yo pa respekte

Pou nou fini, PM Jouthe Fantom 509 lan ap di w : Menm jan timoun pa antre nan gad, se menm jan an timoun pa dirije ou gouvène peyi.

« chak jou ki pase se miltipliye nap miltipliye« 

Siyati :

1)Bawon Samedi ?

2)Ogou Feray ?

3)Christine Jeune

4)Occil Édouard

5)Durosier Jurond

6)Dume David

7)Bateau Luxonne

8)Walky Calixte

9)Laplante Makenson

10)Jn Richard Heurtz Cayo

11)Mathieu Johnby

12)Safir Kadhafi

13)Aristil Wismick

14) Leonard Laurentin.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.