Élections Dermalog en Haïti : Le Secteur Démocratique et Populaire rejette la position de l’Ambassade américaine

0
1695

Dans une note de presse, les dirigeants du Secteur Démocratique et Populaire déclarent rejeter sans appel la position de l’ambassade américaine en Haïti, autour de la formation d’un nouveau Conseil Électoral Provisoire (CEP). Les membres de l’Opposition ont également indiqué qu’ils ne participeront pas aux élections programmées par le pouvoir TEt Kale 2, en dépit des menaces de sanctions des États-Unis contre tous ceux qui s’évertueront à s’opposer aux prochaines joutes.

Jeudi 17 septembre 2020 ((rezonodwes.com))–

Nòt pou Laprès Sektè Demokratik e Popilè a sou dènye pozisyon anbasad Amerikèn nan

Sektè Demokratik e Popilè a voye jete dènye pozisyon anbasad Amerikèn nan.

Sektè Demokratik e Popilè a voye jete byen lwen deklarasyon Anbasad Ameriken an sou sitiyasyon Politik peyi Dayiti.

Li lè li tan pou anbasad Amerikèn konprann Jovenel Moïse pat janm vle fè eleksyon,  se sa ki fè Jodi a pa gen yon palman kap fonksyone,  san konte manda sila yo (majistra yo)  ki t ap jere komin yo ki fini. Li lè li tan pou Anbasad Ameriken konprann kondisyon yo pa reyini pou gen eleksyon nan Peyi Dayiti jounen jodi a. Tout sektè ki konn patisipe nan mete kanpe Konséy Elektoral Pwovizwa nan peyi a deja deklare yo pap patisipe nan pwosesis la nan kondisyon sa yo. Tout Pati Politik ki gen nen nan figi yo deja deklare yo pa nan koze eleksyon ak Jovenel Moïse sou pouvwa a. Sosyete Sivil la di menm bagay la tou. Anbasad Amerikèn pakab ap pale koze eleksyon nan yon peyi kote bandi ak chèf gang ki pwòch pouvwa ap mache gran lajounen pandan yap kontinye masakre moun nan katye popilè yo tankou Bèlè, Site Solèy ak Ba Delma, Lasalin elatriye.

Sektè Demokratik e Popilè a pap bat ba douvan menas Anbasad Ameriken ap fè sou Moun ki pa vle mache tèt bese nan pwojè eleksyon e negosyasyon malatyong ak Jovenel Moïse . Jodi a Jwèt la klè. Anbasad Ameriken chwazi sipòte kòwonpi, Asasen ak Machann dwòg ki nan pouvwa PHTK a pandan lap menase sila yo kap batay pou yon veritab Eta de Dwa nan peyi nan Dayiti .

Sektè Demokratik e Popilè a pa nan woule m 2 bò. Sektè a kenbe menm pozisyon li te toujou genyen an. Nou pa nan eleksyon ak Jovenel Moïse . Nou pa nan eleksyon ak G9. Nou pa nan eleksyon ak moun ki vòlè 4.2 milya vèt lajan PETWOKARIBE a. Nou pa nan pataje pouvwa ak PHTK sou san pèp la. Nou vle yon tranzisyon ripti, pou Peyi n reyòganize. Nou vle yon konferans Nasyonal. Nou vle yon yon lòt konstitisyon pou garanti estabilite ak Patisipasyon tout moun nan zafè Peyi a . Fòk yo jije tout moun ki fè masak sou pèp la nan katye Popilè yo. Fòk Pwosè PETWOKARIBE a fèt.

Sektè Demokratik e Popilè a kwè : moman an rive pou moun ki di yo se zanmi peyi Dayi aksepte Mache ak Popilasyon an nan batay Lap mennen pou konstwi yon lòt Ayiti tout bon vre . Vwa pèp la se vwa Bondye.

Sektè Demokratik e Popilè a ap kontinye kanpe bò kote pèp la pou ride l’ pare tout move kou, jouk nou rive pote la Viktwa .

Viv Mobilizasyon Pèp la ! Pèp kap goumen pa konn pèdi Batay . Se pou  tout popilasyon an kontinye mobilize, se zam demokratik nou kòm sitwayen. SE MOBILIZASYON TOTAL KAPITAL K AP LOUVRI CHIMEN LIBERASYON AN. 

Pou otantifikasyon:

André Michel
Marjory Michel
Schiler Louidor

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.