KAYLA denonse Apèd ak PHTK ki sou wout pou reyalize yon masak sou fanm peyizan SOFA nan Senmichèl Delatalay

0
1548

Pèsonn pa pral di yo pa t konnen :Anndi Apèd ak PHTK sou wout pou reyalize yon masak sou fanm peyizan SOFA nan Senmichèl Delatalay. (Communiqué – Chronique d’un massacre annoncé)

Mèkredi premye jiyè 2020 ((rezonodwes.com))– Konbit Ayisyen pou Lojman Altènatif (KAYLA) voye yon chenn solidarite bay tout manm SOFA ak senpatizan li yo, ki viktim agresyon anba men yon ekip bandi KAZEK Jan Jesnè (alyas Djonni) ak ansyen minis agrikilti Frisnè Dòsen ap dirije pou Anndi Apèd kapab mete men sou 6 mil kawo tè Jovnèl Moyiz ba li nan Savann Djann Senmichèl Delatalay. KAYLA felisite fanm vanyan sa yo pou rezistans yo te fè anfas delenkan ak bandi k ap travay pou boujwa Anndi Apèd kont enterè fanm peyizan nan Senmichèl Delatalay.

SOFA deja fè yon rapèl sou istwa tè Senmichèl Delatalay manm òganizasyon an ap travay depi plizyè lane. KAYLA ap raple, se yon dwa medam yo genyen, pou yo gen pwòp tè pa yo, pou yo travay, yon fanson pou okipe fanmi yo. Leta gen responsablite pou bay fanm sa yo mwayen lajan ak ankadremen teknik pou yo travay. Se nan sans sa a, INARA te fè yon premye pa, lè l te pèmèt SOFA jwenn yon dizèn kawo tè nan zòn lan. Vin gen yon delenkan ki prezidan peyi a, ki rele Jovnèl Moyiz ki vle pran tè sa yo nan men òganizasyon an, pou bay Apèd kòm rekonpans paske l te finanse eleksyon ki pèmèt enkilpe a rive prezidan, akoz yon aksidan nan listwa politik peyi a. Wi, Jovnèl Moyiz prezidan d Ayiti, se vrèman yon kochma n ap viv pou jis 7 fevriye 2021, se domaj.

Se predidan enkilpe a, delenkan, kowonpi, bandi legal la, ki bay Apèd dwa pou l gen 6 mil kawo tè nan savann Djann, alòske li deside pran yon dizèn kawo tè yon enstitisyon Leta bay SOFA pou l pwodwi manje. Pou nou menm nan KAYLA, lè Anndi Apèd vle pran tè sa a nan men SOFA, se yon zak ekspilsyon fòse. Alyans Entènasyonal Abita, kalifye ekspilsyon fòse kòm yon krim kont limanite. Lè Apèd ap fòse pran tè yon enstitisyon Leta bay SOFA, yon òganizasyon fanm pou l travay pwodwi manje pou okipe fanmi yo, pou kominote a ak pou tout peyi a, se yon vyolasyon dwa moun, se yon vyolasyon dwa ekonomik fanm yo, se yon vyolasyon atik 25 deklarasyon inivèsèl dwa moun, Leta Ayisyen siyen. Menm si nou konnen, bandi legal pa nan zafè respekte lalwa, n ap fè yo konnen :atik 35 kòd sivil Ayisyen an, trase pwosedi ki dwe swiv, pou mete yon moun osinon yon gwoup moun deyò, sou yon espas yo okipe.     

Depi plis pase 4 lane, KAYLA ap lanse yon rèl anmwe pou di : rejim PHTK a fè Leta tounen yon gwo òganizasyon kriminèl. Nou gen enpresyon pèsonn pa t vle tandeJounen jodi a, dènye rapò RNDDH ak rapò FJKLlafè nou wè aklè kouman PHTK ak gang yo se marasa. Yo rive mete kanpe yon G9, ki se yon platfòm gang ki reyalize plizyè masak nan divès katye popilè. Nou te deja konstate kouman gang yo t ap miltipliye nan tout peyi a, se nan kontèks sa a, agwonòm Dòsen ak KAZEK Jan Jesnè mobilize gang pa yo, pou bat fanm yo epi kraze byen SOFA gen sou teren an. N ap raple, monte tèt yon gwoup peyizan, ba yo ti avantaj pou vin atake lòt gwoup peyizan, se yon estrateji makout yo, grandon ak boujwa yo abitye itilize pou fè masak Janrabèl, masak Pyat, masak Jèvè elatiye… Se poutèt sa KAYLA di : pèsonn pap vin di yo pa t konnen, jou gang Anndi Apèd, agwonòm Dòsen ak KAZEK Jan Jesnè rive reyalize yon masak nan Senmichèl Delatalay. Pou anpeche yo reyalize masak sa a nan Senmichèl Delatalay fòk:

–          Tout òganizasyon konsekan nan Senmichèl Delatalay, nan Latibonit ak nan tout peyi a, pote solidarite bay SOFA nan komin lan ;

–          SOFA nasyonal, pote dosye a devan tribinal, pou l jwenn jitis ak reparasyon pou fanm ki viktim yo ak pou byen òganizasyon an bandi yo kraze ;

–          Òganizasyon dwa moun nan nivo nasyonal akonpaye SOFA pou pote dosye a devan tribinal Ayisyen epi òganizasyon dwa moun nan nivo entènasyonal pote dosye a devan tribinal entènasyonal;

–          KAYLA li menm ap pote dosye a devan Alyans Entènasyonal Abita (AIH) ak devan Amnisti Entènasyonal.     

KAYLA raple :Revòlte pou defann dwa ak diyite nou, se yon devwa sitwayen ak sitwayèn.

Pòtoprens 28 jen 2020

Reyneld SANON

Sekretè Egzekitif

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.