Patrick Alexis : Déplumage économique, banditisme économique

1
1982

DÉPLUMAGE ECONOMIQUE, BANDITISME ECONOMIQUE

Dimanche 21 juin 2020 ((rezonodwes.com))– Marjorie ale nan yon mezon transfè pou li resevwa $ 300.00 US ke fanmi li voye pou li poul ka ht yon Four a Gaz.

Mezon transfè.a deside pou peye e remet Marjorie Transfè $ 300.00 Us la en Gourdes @ 110.00 ki egal 33,000.00 Gourdes.

Marjorie fin change e resevwa lajan an li deplase pou li al ht Four a Gaz la nan yon Magazen. le li rive li jwen.n prix Four.a fixé en Dola pou $ 300.00 Us lajan li te voye mandé.a . Men Marjorie ki pa gen Dola anko nan men.l pran nan 3 wa paske Bank Santral mande pou peye tout Transfè yo en Gourdes.

Marjorie ki we sa li mande Magazen an a ki Taux lap van.n Four.a en Gourdes yo di Marjorie swa li kale yo $300.00 Us ou li peye yo a 120.00 Gourdes pou $1.00 Us ki egal a 36,000.00 Gourdes.

Map Siyale nou ke Marjorie resevwa $ 300.00 US pou li ht Four.a le li change.l nan mezon Transfè.a li resevwa 33,000.00 Gdes men le li al ht Four.a nan magazen an fok li Bay 36,000.00 Gourdes ki bay yon Diferans de Déplumage an lagan de 3,000.00 Gdes pou selman $300.00 Us.

Imagine nou nan menm lajan sa Marjorie resevwa.a en Gourdes la li deja peye 500.00 Gdes pou Transport Moto , li peye yon Zanmi ki gen gwo bibit 1,000.00 pou Akonpaye.l pou Awousa pa leve.l sou wout.

Mwen swete nou konpran.n a klè mouvman DÉPLUMAGE ECONOMIQUE kap fet sou do Popilasyon ki nan Kategori ki pi feb yo.

Chak Bandit Economique nan Repiblik la gen Taux de Change yo pou DÉPLUMEN sak pi feb yo.

ANTOUKA

Patrick Alexis
alexispat@gmail.com

1 COMMENT

  1. On n’a pas besoin de réflechir la dessus,les « autorités » sont incapables de faire face aux commerçants,ils exploitent la population dans leur interet puisque quand ils auront besoin de $ à un taux preferentiel ils n’ont qu’appeler leurs entremetteurs.c’est du vol tout simplement la diaspora doit prendre des mesures fermes,pour que le peuple manifetent son desaccord à cette mesure unilateralle et injuste qui ne vise qu’à écraser la classe moyenne et les pauvres. SE POU PEP LA PRAN LARI POU MESI SA RESPEKTE NAN TOUT BIZNIS NA PEYI A Lè SA TOUT MOUN AP KAPAB VIV MIYò.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.