Aucune somme d’argent n’a été transférée par le gouvernement sur les téléphones des citoyens, affirme la Digicel

0
2019

Cette initiative n’est qu’un projet, assure la Digicel qui apporte un démenti formel à propos des rumeurs circulant sur des éventuels transferts d’argent par le gouvernement aux citoyens haïtiens sur les téléphones portables à travers MonCash

Mardi 14 avril 2020 ((rezonodwes.com))– AVI ENPÒTAN

Gouvènman an chwazi sèvis MONCASH nou an pou akonpanye popilasyon an nan moman kriz Kowonaviris sa. Nou byen kontan bay asistans nou.

Jiskaprezan inisyativ sa rete nan faz yon pwojè ke n ap travay sou li maten midi swa. Nan tèt kole ak rèsponsab gouvènman yo, n ap asire nou ke nou jwenn bon enfòmasyon ak done k ap pèmèt nou pran tout dispozisyon pou sa fèt nan transparans e san dezòd.

An atandan, Digicel vle ensiste ke pa gen ankenn sòm ki debouse vè li, e vle klarifye tou ke poko gen okenn depo ki fèt sou kont kliyan nou yo. Pa gen okenn kòd pou w antre nan telefòn ou pou w verifye si w jwenn kòb la.

Inyore tout mesaj oubyen apèl ki ta vle fè w kwè lekontrè. Denonse moun k ap twonpe vijilans sitwayen yo ak fo nouvèl sa yo. Fè nimewo yo rive jwenn nou e n ap fè suivi bò kote enstans konsène yo pou netralize yo.

Lè inisyativ Gouvènman sa a fin pare, se yo kap fè anons lan sou jan benefisyè yo chwazi epi lè debousman an ap fèt. Kominikasyon sa a ap fèt atravè kanal ofisyèl yo.

Pa bliye, pou w benifisye pwogram sa e depi w nan lis gouvènman an detèmine, w ap sèlman bezwen gen yon kont Moncash.

Enfòmasyon Itil:

  1. Pou w kreye kont Moncash la, ou p ap peye yon goud e ou pa bezwen al nan okenn magazen oswa ajan
    Digicel. Sèlman konpoze *202#, antre non w, siyati w, dat ou fèt ak yon kòd sekrè epi suiv enstriksyon yo.
  2. Pou moun ki gen kont lan deja, men ki bliye kòd sekrè a, nap avize w ke sèvis kliyantèl nou a pral fè
    yon laj kanpay pou kontakte kliyan nou dirèkteman pou asiste yo, evite yo deplase le plis posib, nan
    magazen ak kay ajan. Pa bliye, nan moman sa yo, fòk nou ka kreye distans sosyal nan tout sikonstans.
  3. Si w bezwen lòt enfòmasyon sou sèvis Moncash la rele nan 202.
  4. Lè kòb la disponib, w ap resevwa yon mesaj ofisyèl de Digicel k ap di w sa e k ap mande w verifye
    balans ou ak 20241*kòd sekrè a#. (Pa fè okenn lòt kòd ke w jwenn sou rezo soyal yo)..
    Rete vijilan !

LaveMenW

MeteMaskOu

MonCash de Digicel

Gertrude Buly FREDA
Media Executive
Digicel Haiti

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.