Inisyativ Patriyòt Maryen kritike jesyon gouvènman nan épidemi Kowonaviris la

0
1723

IPAM fè anpil pwopozisyon pou goumen kont maladi kowonaviris ki ap sekwe bil moun nan mond lan e ann Ayiti

Dimanch 29 mas 2020 ((rezonodwes.com))– Nòt Pou LaprèsInisyativ Patriyòt Maryen (IPAM)  konstate ak anpil dlo nan je Kòman Virus Korona a komanse ap  tabli an gran jan nan tout mond la ak anpil viktim pou peyi san chapo malgre gwo avanse sistem sante nan kèk gwo peyi.  Nan peyi dayiti menm kote popilasyon an lage 2 bwa pandye san lopital, san sèvis de baz yo,  pita pral blije pitris si  pa gen dispozisyon pou limite dega.


Nan yon moman si frajil pou limanite, nou sezi wè priyorite Pouvwa Tetkale an se reyini foul pou trafike sistèm idantifikasyon peyi an pou prepare eleksyon malatchong. Malgre konpòtman kriminèl pouvwa a devan menas viris sa ki pral touye moun pa bann e pa pakèt , IPAM deside adopte yon trèv pou evite tirelobe ak pouvwa a nan moman espesyal sa. Men nap  veyatif pou siveye tout konpòtman dwèt long siperyè tankou yo kòmanse fè sa nan depans bidon pou atis ak piblisite. Objektif IPAM  se kore tout dispozisyon ki kapab anpeche viris la vale teren epi touye plis moun. 


Nou mande militan IPAM yo monte selil pou gaye toupatou kote nou ye mezi pwoteksyon kont kowona viris, pote èd bay moun nan zòn kote viris sa poze lapat. 

Men kèk mezi pwoteksyon nou dwe adopte:
1. Lave men nou souvan ak dlo ak savon, alkòl epi evite touche figi nou
2. Evite bay moun lanmen, ni anbrase moun
3. Evite kontak pwòch ak moun ki genyen sentom yo, sa pa vle di pou stigmatize yo, fè vyolans sou yo, e ni pou’n pa ede yo
4. Lè’n santi sentom tankou tous, fyèv, difikilte pou respire rele yon doktè ou byen sèvis konsène
5. Itilize mouchwa nou kapab jete apre6. Pa touse sou moun, itilize koud nou pou’n touse.


Nou ekzije pou Leta ak patnè entènasyonal yo  sispann depanse lajan nan pwojè bidon,  men pou bay priyorite a tout aksyon kap kenbe Korona Viris nan Kanpe Lwen. Nou pwofite di patnè sa yo fè atansyon, nou pa deside reviv CIRH, nap veye Jekale. 


Peyi ki pi aktif nan pote solidarite pou kwape viris sa nan lemonn se Lachinn, Larisi ak Kiba, nan sans sa IPAM ap kreye yon selil ijans pou rankontre lòt gwoup nan lopozisyon ak nan sosyete a pou tabli kontak ak gouvènman sa yo pou devlope yon rezo solidarite ak pèp ayisyen an pou konbat maladi sa, paske nou pap gen kapasite pou danse dans korona sa pou kont nou.

Pita pral pi tris, nou nan lagè kont Korona, nou pa gen pou’n pè, nou gen pou’n pran dispozisyon kòm sosyete  pou mete Korona nan kanpe lwen.
IPAM tout tan, pou yon sosyete san fòs kote.

Pou Otantifikasyon : 

Hughe Célestin    Jean Baptiste BIEN AIME
Kòdonatè Nò          Kòdonatè Nòdès                                                                                Tel :3712-3372            Tel :3702-8071

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.