NÒT KONFERANS EVÈK AYISYEN YO VOYE BAY PÈ YO, RELIJYE AK RELIJYEZ YO, FIDÈL LAYIK YO AK TOUT MOUN BÒN VOLONTE SOU ATITID YO DWE GENYEN DEVAN PANDEMI COVID-19 LA
legliz sispann tout la mès ak litiji
Port-au-Prince, samedi 21 mars 2020 ((rezonodwes.com))–
Benediksyon ak kè poze pou nou ki sot nan Bondye Papa a ansanm ak Jezikri Granmèt nou an, k ap konsole nou nan tout tribilasyon, pou, gras ak konsolasyon nou menm nou resevwa nan men Bondye, nou kapab konsole tout moun k ap soufri tou ak tout kalite tribilasyon (2 Korentyen 1, 2-4).
Apre deklarasyon ofisyèl Gouvènman an sou konfimasyon de (2) moun ki enfekte ak Kowonaviris nan peyi a, nou menm, evèk katolik an Ayiti, nou mande tout pèp Bondye a sitou tout fidèl katolik, pou yo respekte tout modòd otorite Leta yo bay pou anpeche COVID-19 la vale tèren.
La célébration quotidienne de l’Eucharistie se poursuit mais avec le prêtre tout seul devant l’autel
Nan sans sa a, depi kounye a, nou sispann jiska nouvèl lòd tout lamès ak tout litiji (sakreman, lofis), tout lapriyè ak tout devosyon (adorasyon Sen Sakreman, chemen lakwa, lapriyè pèp Bondye a (brevyè), retrèt espirityèl, sesyon fòmasyon, elatriye) oswa tout aktivite kominotè, asanble pawasyal ak dyosezen, ki fèt ak patisipasyon fidèl yo. Men nou kapab chante antèman devan manm fanmi mò yo sèlman.
Nou mande pè yo pou yo selebre lamès pou kont yo chak jou, san patisipasyon fidèl yo, pandan tout pòt legliz yo ap rete fèmen. Fidèl yo menm, nou envite yo lapriyè lakay yo nan kominyon espiriyèl ak Legliz la ki gaye sou tout fas tè a.
N ap gen pou n bay lòt modòd lè sa ap nesesè.
An nou viv moman eprèv sa a nan lafwa, nan lapriyè, nan solidarite ak vijilans !
Se pou Lavyèj Mari, Manman Pèpetyèl Sekou, kontinye ap veye sou Ayiti !
Lilavwa, 20 mas 2020
Men Evèk ki siyen yo :
Monseyè Launay SATURNÉ Monseyè Pierre André DUMAS
Achevèk Metwopoliten Kap-Asyisyen Evèk Ansavo / Miragwàn
Prezidan KEA Visprezidan KEA
Monseyè Joseph Gontrand DÉCOSTE, SJ Monseyè Marie Érick Glandas TOUSSAINT
Evèk Jeremi Evèk Jakmèl
Sekretè Jeneral KEA Ekonòm KEA
Chibly Cardinal LANGLOIS Monseyè Ducange SYLVAIN, SDB
Evèk Okay Evèk Oksilyè Pòtoprens
Monseyè Max Leroy MÉZIDOR Monseyè Louis N. KÉBREAU, SDB
Achevèk Metwopoliten Pòtoprens Achevèk Emerit Kap-Ayisyen
Monseyè Pierre Antoine PAULO, OMI Monseyè Wily ROMÉLUS
Evèk Pòdepè Evèk Emerit Jeremi
Monseyè Yves Marie PÉAN, CSC Monseyè Jean Alix Verrier
Evèk Gonayiv Evèk Emerit Okay
Monseyè Quesnel Alphonse, SMM Monseyè Frantz COLIMON, SMM
Evèk Fòlibète Evèk Emerit Pòdepè
Monseyè Désinord JEAN Monseyè Joseph LAFONTANT
Evèk Ench Evèk Oksilyè Emerit Pòtoprens