Coronavirus : un bateau suspect aurait été repéré dans la rade de Port-Salut, alerte le Commissaire du Gouvernement des Cayes

1
2550

Mercredi 11 mars 2020 ((rezonodwes.com))– Le commissaire du gouvernement de la juridiction des Cayes, Me Ronald Richemond, a annoncé mercredi soir la présence d’un bateau suspect dans la rade de la commune de Port-Salut.

Me Ronald Richemond a déclaré être en route pour Port-Salut afin d’avoir plus de données sur ce bateau suspecté d’avoir à son bord des personnes infectées par le COVID-19 (Nouveau Coronavirus).

 

1 COMMENT

  1. Mwen konnen nou gen Memwa Kout, pa bliye Evinx Daniel. Atansyon pou n pa pran nan melanj: Avyon, Bato, Coronavirus ak Dwòg. Fòk DEA sou men l nan moman sa a. Nan dat 9 septanm 2013, DWOG te debake Port Salut. Ou ta di se yon BLAG, komisè gouvènman Jean Marie Salomon pat fouti jwenn yon jij depè poul t al fè konsta kay pwezime trafikan dwòg Evinx Daniel. Se jouk nan dat 12 septanm li te resi jwenn yon jij depè. Rive kay Evinx Daniel pifò Dwòg la te gen disparèt. Jij depè a te jwenn sèlman 13 kilo Marijuana. Pèp souvren di, se te Marijuana ak Cocaine avyon an te lage. Nou konn rès swit istwa a. Se menm zafè sa a ki fè zanmi Evinx Daniel yo manje l ak ki fè Jean Marie Salomon te vin senatè. Li pat pè afwonte zanmi pwezidan… Nap raple senatè Salomon fè yon pyèt figi nan palman an. Sistèm nan te vin dous…

    Nan yon atik mèt Frandley Denis Julien nan dat 27 fevriye sou Rezonodwès, li pale de yon enfam (infâme) jij. Ebyen gen dechè pase dechè. Jij Lamarre Belizaire pa pi dechè ke minis lajistis la ki te choute komisè gouvènman Jean Marie Salomon nan menm semèn nan. Epi libere Rapido Presto pwezime trafikan dwòg la. Nan « Ale, pa fè sa ankò » [1] gen yon similak pwosè ki fèt devan je tout moun tankou similak pwosè Roger Lafontant an. Jij yo te bay Lafontant 15 lane Pwizon. Apèl telefonik PALÈ NASYONAL la mande à Perpetuité. E jij yo te vire lang yo Rapidman yo flanke poutchis doktè Lafontant santans avi l.

    Men minis lan ki revoke Jean Marie Salomon an ak lage pwezime trafikan Dwòg Evinx Daniel nan menm moman an depase limit. Sa a se yon aksyon « Bandi Legal » nan yon peyi « Shithole. » Nan VID mwen wè nan sosyete a, sanble nou poko fin desann pi ba toujou non.

    [1] https://rezonodwes.com/2020/02/27/placer-la-mesaventure-de-michel-martelly-au-cap-haitien-dans-son-contexte/

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.