« Lang pou lang » se tit premye albὸm pwezik Isaac Volcy a ki gen pou parèt 20 mas k ap vini la nan peyi etazini. Yon albὸm ki genyen 14 powèm ki soti nan 2 edisyon mizikal Powrec Studio/Haitian Born Mizik.
Mercredi 26 février 2020 ((rezonodwes.com))– Premye vant sinyati albὸm pwezik Isaac Volcy ap sὸti 20 Mas k ap vini la nan Orlando nan lokal Tele Anacaona.
‘’Pwezik’’ paske se yon nouvo konsèp Isaac fὸje pou marande yon maryaj ant pwezi avèk mizik. Albὸm sila genyen 14 mὸso. Tankou « Zanmitay » « Fanm » « Dans Petwo Karayib la » « Votèmann » « Kilti yon pèp » elatriye. Plizyè Powèt-dizè patisipe sou albὸm sila, nou ka site Andre Fouad, Anderson Dorvilas, Sakia B. Fanord, Landie Fabien, Shamma Laurédan, Roseleine Volcy, elatriye.
Nan yon entèvyou Isaac akὸde Rezonodwes li fè nou konnen Lang pou Lang pa yon albὸm pwezi k santimantal sèlman men li touche plizyè tematik avèk divès reyalite tankou Lanmou, sosyal, ekonomik, legzistans, elatriye…
« ‘’Ann Chante libera èy pou èy pou n selebre lang lang pou lang’’ Se ak moso sa mwen entrodui Albὸm nan , em panse li rezime pozisyon m parapὸ ak kreyὸl la nou konsidere kὸm yon lang tankou tout lang e ki kapab esprime pi byen tout sa k ap travèse nou.
Se tan pou n soti nan chirepit pou n apresye tout sa n genyen lakay nou », powèt la deklare.
Isaac Volcy se powèt, dizè profesyonèl. Admiratè Anthony Phelps. Isaac koumanse fè pwezi depi nan vil Pὸsali kote l wè jou nan lane 1983. Isaac etidye dwa epi l fè yon metriz nan filozofi avèk literati nan inivèsite Paris 8. Li pibliye 2 Liv déjà se « Ma drapo Souvnan » « L’arbre oratoire ».
Pou Isaac Volcy pwezi se yon pon ki pèmèt li konble oudimwens travèse yon vid ki genyen ant sa l santi avèk sa l anvi di. Powèt la fè pwezi pou konble vid li.