piblikasyon II
Etazini : Yo trete 2 moun ki gen maladi-a nan yon sal lopital kote se sitou yon robo ki ekipe ak yon stetoskòp kap fè
travay la.
Miami, samedi 25 janvier 2020 ((rezonodwes.com))– Coronavirus se yon gwoup viris ke yon konn jwenn nan bèt ki konnyea afekte kretyen vivan. Li bay sitou pwoblèm respirasyon.
Se nan vil Wuhan nan peyi la Chin doktè te detekte nanmwa Desanm 2019 la premye ka kote maladi Coronavirus la antre sou kretye vivan. Ta sanble se nan yon mache piblik an vil Wuhan kote yo vann ni bèt ki mouri ni bèt ki vivan ke viris sa ta transmèt de animal a moun.
Pou rive jounen jodia, an Chin 1,300 moun enfekte ak Coronavirus la e li deja deja touye 42 moun. Viktim yo gen ant 54 a 87 tan.
Viris la ka pwopaje depi yon moun ki genyen ap respire pami lòt moun. Li ta prezante sentòm ki sanble ak nemonya.
Coronavirus la deja atenn peyi Japon, Vyetnam, Kore di Sid, Nepal, Taywan, Sengapò, Malezi, Tayland, Lafrans ak Etazini.
Jouska prezan se 2 ka yo detekte Etazini, yon’n Seattle, Washington e lòt la Chicago. De moun’n sa yo ke yo pa revele idantite pa gen lontan depi yo retounen Etazini sòti Lachin. Yo trete moun sa yo nan yon sal lopital kote se sitou yon robo ki ekipe ak yon stetoskòp, kamera e mikro ki fè kontak ak yo ak trètman pou yo paske an Chin gen nan doktè ak enfimyè ki ap trete moun ki kontamine yo ki enfekte pa viris la tou.
Gen 3 vil an Chin ke otorite pa kote moun ni antre ni sòti ladan yo pou evite viris la pwopaje.
Etazini ak plizyè gwo peyi kòmanse ap travay pou mete sistèm nan ayewopò yo pou pèmèt yo teste moun ki ap antre sòti lòt peyi a risk pou anpeche Coronavirus kontinye pwopaje. Moun yo ta jwenn ki kontamine, yap izole yo de lòt moun.
Otorité an Ayiti yo poko sou sijè sa, petèt apre kanaval
Antretan, an Ayiti, kote touris lòt peyi ap antre chak jou, nou poko pare, nou pa,fè prevansyon e nou pa gen mwayen pou nou konbat Coronavirus la non plis.
Kòm nou viv chak jou sou « Bondye bon », n ap priye Bondye pou l pa kite Coronavirus rive antre Ayiti paske li li rive Ayiti, sistèm sante nou an ak lajan nan bidjè leta, pou lasante pap sifi pou anpeche lanmò pa milye.
Antre tan leta ap debloke lajan pou l prepare kanaval pou popilasyon an ka al danse mizè ak ensekirite san kè sote.
Nap souliye ke yonn nan moun ki kontamine Etazini yo se yon jèn ki sèlman nan trantèn li.
Sous: Business Insider
Mingolove Romain

