Mercredi 25 décembre 2019 ((rezonodwes.com))–
Mwen grandi n on katye
Pil fatra se sapen abdenwèl
Chak ma dlo
Se yon klòch
K sonnen revèy
Di kò tout timoun touni
Li pa twò lwen 24 desanm
Bri bal se bri peta
Nan katye pa m
Zorèy sèl mwen aprann tande
Lyann zèb sèvi gilann
Dekorasyon k ap chare krèyy krèch ti Jezi
Lò douz kou minwi
limyè zetwal fè avòtman
Mwen grandi ak yon rèv depaman
Yon rèv klougagit ki grandi vit
Pi gwo pi gran pase m
Pase papa m
Mwen grandi ak yon maleng bò goch kè m
Yon maleng dous ki fè m pa janmè mèt soulye
Mwen grandi piti nan lavi
Kote Tonton Nwèl chanje ladrès
bife ak lank nwaj nwa
katye kote m rete
Nwèl mwen koule nwa
Tankou doulè nan grèp kafe
Nwèl mwen mouye tranp
Nan lapli bal k ap lote kadav
Nan site sou Pòtay Lasalin
Pou bay kochon manje
Nwèl bliye isit
Tout jou mouri menm jan nan po vant
Nwèl bliye chonje isit lavi atè plat sou vant
Bliye
Mwen grandi san rele ni reponn ak rèv mwen podovi
Nwèl bliye zetwal sapen l nan pla men m
klere mizè isit dizwi kara
James Stanley Jean-Simon
Biyografi :
James Stanley Jean-Simon fèt Tigwav, li se powèt, nouvelis ak Kontè. Li pibliye deja “ Nyaj dènye sezon” (Pwezi), “Ti-Jean et le trésor de Fort-Royal”, “ Bwadchenn ak Twa lòt Kont” ( Kont, 2019). Li ekri an kreyòl ak franse.

