Gonayiv : Delege depatmantal Osner Amisial rekonèt gen nèg ak zam nan Dekawo tankou nan Raboto

0
2394

Nouvo delege depatman latibonit lan Jean Osner Amisial mande opozisyon politik la pou bay vil gonayiv lapè. Li lonje dwèt sou fanmi Latortue ki, dapre li, mete zam nan men moun, men li di li pa okouran si se moun nan pouvwa ki mete zam nan men moun Dekawo

Nan yon deklarasyon li fè nan yon estasyon radyo nan kapital la jounen jedi 05 desanm 2019 lan, nouvo delege latibonit lan mesye Jean Osner Amisial mande opozisyon politik la nan site endepandans lan pou kite vil la fonksyone pou popilasyon an ka rekòmanse avek aktivite yo.

Reprezantan ekzekitif la nan latibonit fè deklarasyon sa yo aprè gwo manifestasyon opozisyon politik lan te fè nan vil gonayiv pou mande prezidan repiblik lan mesye Jovenel Moise kite pouvwa a.

Mesye jean Osner Amisial estime ke opozisyon politik lan pa ka reyalize manifestasyon nan pòtoprens se gonayiv yo oblije vini paske yo gen lajan nan men yo pou ka reyini moun, pandanl kontinye pou l di li menm avek lapolis te pran tout dispozisyon pou manifestasyon sa a te byen pase paske yo pat mete nèg raboto ki konn abitye avèk zam yo deyò.

Poze l kesyon pou konnen ki moun ki gen lidèchip mete moun ak zam yo deyò nan manifestasyon yo, nouvo delege an lonje dwèt li byen long sou senateur Youri Latortue ak ti frè li majistra gonayiv lan Neil Latortue daprè li menm ki se 2 pi gwo responsab opozisyon an nan vil la.

Delege depatman an fè konnen li pale ak tout moun nan depatman an kit ou te nan pouvwa kit ou te nan opozisyon e li fè konnen li menm ak senatè Latortue epi majistra Neil yo gen relasyon otorite avek otorite. Mesye Amisial fè konnen sou kesyon pouvwa an plas lan ki mete zam nan men yon gwoup nèg dekawo anfas opozisyon an fè konnen li pa okouran de sitiyasyon sa a pandanl pa demanti ke gen nèg dekawo ki gen zam nan men yo menm jan ak nèg raboto yo.

Pou l fini nouvo delege an fè konnen lapolis resevwa lòd fòmèl poul mete anba kòd tout moun kap manifeste ak zam nan site endepandans lan pandanl fè konnen manifestasyon yo te mèt gen 5 ak 10 000 moun lapolis prè pou ba yo sekirite, sou dosye lekòl lan delege an fè konnen se opozisyon an ki pou bay vil la yon chans pou lekol yo, bank komèsyal yo ak mache kominal lan ka fonksyone pou pèmèt popilasyon an rekòmanse ak aktivite yo paske se sèl gonayiv nan gwo vil yo andedan peyi an ki nan sitiyasyon sa a.

Rolguy Docteur

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.