Vendredi 6 décembre 2019 ((rezonodwes.com))–
«Jezi se sèl mesi-a» (Chanson de Noël)
Paroles et interprétation: Joël Lorquet
Musique : Vincent Valedòn
(3 min. 33 sec)
-1-
Mezanmi sou tout latè
Yap selebre fet Nowèl ;
Men noumenm nan peyi Dayiti
Nou santi kè-n sere.
Problèm yo ape ogmante,
Chomaj la vini pi plis,
Ensekirite nan tout kwen,
Poutan men Nwèl rive.
Amen !
-2-
Ouvriye sibi nan faktori,
Patron revoke yo mal,
Zotobre pa janm di anyen,
Piti toujou anba.
Erozyon fini ak mòn yo ;
Peyizan paka manje ;
Men malgre tèt chaje sa yo,
Nap fete Nwèl kanmenm.
REFRAIN
Jezi se sèl mesi-a,
Ki konnen tout problèm nou yo,
Anvan lontan sa pral chanje,
Nou va fete san rete.
O,o, Alelouya !
-3-
Jezi te fèt nan mizè,
Nan yon pak pou zannimo,
Son fason poul te ka montre nou
Pou nou gen lasajès.
Pèp ayisyen fok nou kanpe
Pou nou kraze chenn fènwa ;
Nwèl se senbòl liberasyon,
Annou fete Nwèl la !

