Le groupe « Regroupement de Petro Challengers (RPC) réclame la dissolution du parlement et le départ du pouvoir du président Jovenel Moïse. Par contre, il estime que les adeptes du PHTK (Parti Tet Kale) et de l’opposition actuelle ne doivent faire partie de la solution devant être implémentée pour reprendre en main Haiti
Mardi 25 juin 2019 ((rezonodwes.com))– Nòt Pou Laprès
Jounen jodia tout Ayisyen toupatou reyalize ke sistèm peze souse neokolonyalis lan pa nan
enterè jenès ak pèp Ayisyen. Sitiyasyon an grav anpil e se devwa chak grenn Ayisyen pou mete lamen nan batay la pou chavire vye sistèm sitirèz, kòronpi kap gangrenen tout valè moral ak sivik andan sosyete a.
Se rezon sa ki fè ke nou menm nan Regroupement des Petro-Challengers (R.P.C) ki epapiye tout kote nan peyi a avek nan Diaspora deside leve vwa nou byen wo pou mande fanm ak gason vanyan pitit peyi Dayiti pou yo rete mobilize nan fè reziztans san vyolans pou rele chalbare dèyè tout moun ki enplike nan vole lajan PETROCARIBE a e ki ta kanpe an kwa pou lajistis pa fè travay li jan manman lwa Peyi a mande li.
Nou tout konsyan ke Jovenel Moise paka dirije peyi a, paske li montre aklè ke kòd lonbrit
li mare byen di ak tout gwoup kòwonpi ki fè Pèp la abi nan vyole konfyans li kote jounen jodia li paka voye pitit yo lekòl, li pa gen lopital pou yo pwan swen, ni kouran ak bon jan dlo potab.
Nou menm nan Regroupement des Petro-Challengers (R.P.C) nou deside:
1- Fòk Jovenel kite pouvwa a san delè.
2- Fòk palman bijètivò a mare pakèt li ale san delè.
3- Fòk ni opozisyon avèk gouvènman piyajè PHTK ki la a, pa patisipe nan gouvènman
transizyon an.
4- Fòk tout manb gouvènman transizyon an se nouvèl Tèt.
5- Fòk dyalòg nasyonal fèt nan bon jan ti mamit.
6- Fòk pwosè PETROCARIBE a fèt e pou lajitis mete anba kòd tout moun ki enplike nan kraze lajan PETROCARIBE.
7- Fòk nou mete yon fren nan enjerans etranjè nan zafè peyi a.
Pou R.P.C. :
Lavoisier Cherisier Jr.
Fritzner Bijoux
Wendy Pierre
Payen Winique
Miryam Suprien


4 Comments