Jeudi 25 avril 2019 ((rezonodwes.com))– L’ex candidat à la présidence de Lapeh, Jude Célestin, sort de son profond mutisme jeudi pour dénoncer l’insécurité grandissante dans le pays qui se traduit à travers de lâches attaques contre la population.
L’ancien patron du CNE (Centre National d’Équipements) rend l’État complice de cette situation désastreuse pour les citoyens haïtiens et a, au passage, noté que le drapeau de la corruption et de la faim ne cesse de grimper alors que celui de la dignité se retrouve à demi-mat.
Tout en sympathisant avec les familles des victimes, Célestin appelle la population à faire front commun afin de combattre ces exactions et de dire NON à cette complicité de l’État dans la création de conditions poussant les Haïtiens à fuir la terre de Dessalines.
Note de Jude Célestin
Si pale ap ede mete fren nan machin lanmò kap taye banda nan katye popilè yo map pale.-
Se kèm kap senyen lèm gade kijan responsab yo kite drapo ensekite monte pi wo pase drapo Repiblik la. Pandan drapo diyite n ak fyète n toujou demi ma nan mache mande, drapo grangou koripsyon ak ensekirite pa janm sispann monte. Leta konplis!!
Nou pran nan konplo, nou dwe pi vijilan pou nou soti nan kalte meli melo sa nou tout ye jodia. Silans nan katchouboumbe politik konn ede jwenn bonjan solisyon men silans douvan kadav yon bann inosan ta parèt konplis. Mwen vle soti nan silans politik la pou m kondane ak tout fòs mwen atak lach kap fèt nan katye popilè yo. Kote inosan ki deja paka manje ap tonbe anba bal bandi san fwa ni lwa chak jou san konte bandi legal kap taye banda chak jou, volè tè, detounen lajan, vyole fanm epi kore bandi.
Mwen pataje doulè fanmi viktim yo e pwofite okazyon sa pou m mande yon tèt kole nan mitan tout fòs viv peyi a pou ede konbat zak maspinay kap fèt sou popilasyon an.
Se pou nou tout kanpe pou di NON leta pa dwe konplis nan kreye kondisyon pou fòse nou kite bout tè papa Desalin nan.
Jude Celestin.-


5 Comments